HOME


 

 

 

MISSION

ABOUT US

CONTACT US

NEWLINK

 

 

Dessalines@gonayv.com

francoisj20@bellsouth.net

PHONE 786-326-7607

 

Eleksyon pa solusyon peyi-a

A MWENS  KE NOU AKSEPTE

 1-Redefini  ki sa  Eleksyon -an ye tout bon vre

2) Pouki sa  nou dwe vote pou yon mounn ou yon kandida

3) sou ki sa  nou pral baze pou  nou  vote pou yon moun.

4) se ki sa moun sa-a ofri sosyete-ya  deja

5) Ki entere map jwen  pou tet mwen, pou pitit mwen e menm pou kote map viv-la ,ke kandida ofri nan program li.

 Sa yo se  gwo kesyon ke peson pa janm vle pose et  se sa  tou  ki lakoz . Ampil fwa elksyon pa janm ka reyalize an ayiti.

 

A mwens ke lidê politik nou yo sispan bafwe pep-la tout bon vre.A Mwens ke politisyen yo akcepte fe plis inyon mwens pati politik.Fok pati politik yo travay plis sou enteret pep-la ou sosyete ya ,ke enteret prezidan pati-yo.Fok pati politik yo aksepte pran responsablyte-yo pou yo fê zeves social nan peyi- ya, pou yo ede societe-ya grandi nan zafe edikasyon-sante-komes , sekiryte ak endistri .Fok pati politik yo sispan Selman kritike,fok yo aplodi le sa bon.Fok pati politik yo genyen yon plan developman pou chak zon nan peyi-ya  Fok Pep Ayisyen an rekonet bo kote pal, ke politik se yon syans sosyal se yon jwet santimantal ke politisyen ak pep-la ta dwe jwe ansanm pou defan enteret yon majorite. Politik ce pa yon zam  destriksyion pou youn ka touye lot,pou kraze ,brize et menm pou divize yon nasyion

E se a travê Syans- sa “Politik” ke nasyon- an ta dwe fe yon sel ak lide-yo ,pou nou tout  pep  ayisyen respekte youn ak lot- Renmen youn-ak lot- mache youn akote lot pou defan enterê  e proteje nasyon sa-a ke zanset nou yo kite pou nou.

E pi tou rezilta eleksyon an ayiti pa dwe bay sou santiman ak volonte majorite pep-la,a koz 85% moun nan peyi-ya pa ka pran yon vre desizyon suivan jijman pesonel-yo . Si majorite moun ki  nan peyi  pa kon li ou pa kon ekri , e pi se yo ki gen pouvwa pou yo chwazi yon prezidan. Yap toujou ba ou yon prezidan ki pa kon li

 

Nou dwe chwazi yon lot fason pou nome dirijan nou yo, li tap pi fasil pou nou si pati politik yo te fe yon pi bon travay nan peyi- ya, si yo te travay ak yon pwogran sosyal, ekonomik, nan tout zon nan peyi-ya, li tap pi fasil pou pep la te ka chwazi yon lide suivan pwogram-li ou suivan ki sa li fe déjà ki bon pou sosyete-ya. Le nou tout akcepte regleman sa  yo, ELEKSYON KA CHANJE PEYI D’AYITI

 Men se pa jodi-ya Jodi-a nou bezwen volonte- tolerans ak respê youn pou lot-.Nou bezwen chita  ansanm lidê tout kote pou nou poze problem yo. Nou panse ke nap fe nasyon-an plis byen si moun tout kote chita bo la kay yo. Pou fôme  organizasyon  pou nou redefini sa nou vle  kom pep et koman nou vle mache  kom  pep e ki kote nou ta vle ale kom pep.

                                     

 Read More