FANM! PA FACHE

 

Madanm, ki sa w genyen w move konsa a?

Èske se pou sa lanati sot fè lakay la

Ki sa ankò ki gen dwa fè w move konsa ?

Ou bliye jodi a se fèt tout fanm, nou menm tou !

Gade non machè, pa fèm lapenn konsa; W tande m?

 

Ou gen lè pa sonje si se sou fanm tankou n peyi n konte ?

Pa  fache konsa ! M te kwè fanm se senbòl ladousè

E ki sa w ap fè m konsa a ? Jan m konte sou wou sa a

Ou te toujou di m se nou k pote pantalon kote n ye

Lè a rive pou fè m wè w. Leve tande ! pa febli non

 

Lanati gen lè l pi fò pase w vre. Li lage w atè plat.  Sa w di ?

Li pa respekte pèsòn, li frape ni bon, ni move

En hen en! Ou gen lè pa t konn sa ?  Pa fè moun pè w tande !

Wa fè yo konprann lanati se on nanm fanm li genyen

Oubyen, se Èzili  Dantò k ap montre n sa l peze

 

Ou kwè on fanm tankou n ta gen dwa mechan konsa ?

Nou konn yon bagay, nou pa bezwen sezi. Sa ka rive vre

Paske, lè on fanm kontraye tout bon, lè yo fè l tròp

Li pèdi lakat, li frape pye l san gade ni devan, ni dèyè

Li pase raj li sou tout moun alawonnbadè

 

Lè on fanm di li bouke wè moun parèy li ap viv nan rayisans

Li bouke wè moun ap pase mizè, sibi lenjistis sou latè beni

Lè l ap viv kote ki pa gen linyon, lamoni ak lapè

Li ka poze nenpòt ki zak pou l revandike dwa on sitwayen

Paske, sonje sa: Lè yon  fanm fache tout bon, li pa gen remèd

 

Atò, li pa gen remèd se vre ! Men, li konn gou bouch li

Si w vle wè si fanm an kòlè pa gen remèd tout bon

Konpoze on bon ti posyon; on ti tranpe, ki gen ladann :

Yon boutèy siwo lanmou, Yon boutèy siwo respè

Mete kèk grenn solidarite ladann. Brase tout ansanm; Aa ! n a wè !

 

Lè fanm fin bwè siwo sa a, avèk tout lòt frè l ak sè l yo

N a wè mirak li ka fè. N ap kontan gen fanm bò kote nou

An n kontinye reve ansanm. An n  pa bouke preche lanmou

Wout la long, se vre! Chemen yan gen pikan

Men, toutfwa gen fanm sou latè beni, n ap vanse!!!

 

Tati 24 fevriye 2010