Lontan ce  tout bel bagay ke nou te konn fê

ki koz mounn tout lo koté, chak jou vinn kwê.

Nan listwa, mizik  ak  politik , nou marke

premye pyion ki fê ou menm tou ,  ti frê

te  kwê ,tout bon vré, ke ou  se pitit lakay.

 

Jodi-a tout pitit gonayiv vlé pas vlé ,yo alé.

Dechoukaj,  mizê nan  pousyê  ak polititik

ce twa pesonaj  malvéyan ki krazé lakay .

Yo fenn pedi vale’n.,Yo fenn pedi lespwa.

 

Lontan.ce te  tout bel gol nan  match football

Tout  ti bel  chanté- mizik  Symbi  ak  Volcan

Ce te tout bel panyé nan  basket Koléj ak lycé

Ce tout bel leson moral ti manno te ba nou,

ké nou té meté ansanm  ki  te ran nou fyê .

 

Gonayv  nan  nuit  kon  la jounen.limyê

dinyte ak fyeté  tap limen pou ékleré

Tout pitit sa yo, vwazin bo lakay , frê ak sê

Nou tout wi ki te kwe  nan  linite ak libeté

 

Jodi-a politik ak  syklon jane fenn- pedi

lespwa, kouraj, dinyte fierte  ak zanmi

Gonayv, tout pitit ou ap krye ,yap rele,

 E menm le nou pa ta vle,nou tout divizé.

 

Fanm ak gason vanyan ,mete men nou

Ansanm ak sila yo ki vle,pou  yon bon jou

Nou ka jwenn Fôs , kouraj , ak lanmou

pou ofri  sa ki bon ak  tout ti moun lakay

 

Gonayv tout pitit ou, chak jou,  yap revé

E yap la  pryé menm pou sa yo ki pa vle kwê

Pou-w  ka vinn pi bel tankou yon bouke flê

ke mwen menm ,.Ou menm ak ,Yo  menm

Pitit Gonayv,  nou tout se frê ak sê

 

Dessalines Joachim 03-15-2005