Nou ekri pwogram-nan, paske nou kwê ke pap janm gen devlopman nan yon zon, si moun kap viv nan zon. nan pa suiv yon plan ou yon pwogram devlopeman . E.Le nou wê , AK tandé moun Gonayiv ,nou remake ke tout moun jodi-ya ta renmen vil la chanje pou yon ale myie. Santiman sa fô lakay 90% moun nan popilasyion-an.
Men malgre bezwen ak volonte moun-yo pou chanjman kapab fêt, pêson pa janm ka realize’l .Se paske nou pa jan’m genyen reyelman yon plan.
Pou mwen menm, prezante yon plan de devlopman se premye pa enpotan ke nou dwe fe pou komanse fe devlopman nan nenpot zon.Plan dwe prepare an fonksyion bezwen zon-nan e avek objectif pou ameliore eta ak kondisyion vi chak moun kak viv nan sosyete – sah .Se nan objectif-sa-a nou pwal prepare yon plan pou moun nan Gonayiv .
Pou vini ak plan sa-a nou fe recheche sou pwoblem , komplent ak bezwen polipasyion –an . E menm ou menm tou kapab ou te dwe patisype nan recheche yo. Si pa examp mwen mande ou ki sa daprê ou menm ou konsidere kom pi gwo bezwen Vil Gonayiv- Jodi-ya.
Ampil moun ap di se : Gwangou - Fê nwa- Sante- moun sou –moun- fatras- Gonayiv chaje ak trou- e pi etat vil’la ect
Sa vle di nou pa kapab prepare yon pal pou vil Gonayiv .ki pa ofri nou yon solusyion pou chak pwoblem’sa yo.
Avan menm ke kou rantre nan preparasyion plan-an nou dwe tou swit komanse enfome ak motive popilasyion an pou li patisipe ansan ak otorite yo nan ede nou mete pwojet yo an aplicasyion. E sa ki pi enpotan se fe chak moun kompwan enpotans chanjman pou sosyete- ya menm le chanjman-ka pab afecte mou-nan.
Tropicacna di « tout sa kip a bon pou you.n- li bon pou yon lot » Sa vle di nan logic pa ,nou :Menm le ou we tout moun ap plenyen pou tout pwoblem sa yo ke nou idantifye pou vil Gonayiv, fok nou pa janm inyore ke gen ampil moun tou ,se pandan vil la nan eta sa ke yo menm yo fe fôtune pa yo.
E Lap trê difisyl ke moun sa yo aksepte nou paret ak pwogram chanjman kab bon pou vil la. A koz de enteret pesonel yo. Pa gen anyen mal nan santiman sa-yo non. Nou menm dwe ofri yo yon lot altenatif.
“Tankou pa exanmp, moun kap lave machine ak moto nan mitan vilGonayiv. Si nou vle retire-yo Fok nou gen yon kote pou nou mete- yo. Paske yo menm tou fok yo ka vyv. ‘
Nan entroduksyion rechêch ak preparasyion plan pou vil Gonayiv. Nou mansyione de pwoblem enpotan ke nou dwe rezoud avan menm ke nou travail sou nenpot pwojet devlopman pou yon zon
a) enfome popilasyon an pou li kompwan enpotans bezwen chanjeman-an
e bezwen pou li patisype tou nan chanjeman ke nap ofri’ la
b) Diminuye enpak ak pwoblem ke chanjman-an ka fe sou lot moun ki pa bezwen chanjman-an pou yo viv .Ofri yo lot altenatif jan nou di-ou la
c) E li enpotan tou pou nou menm ki vle reyalize chanjman-an kompwan tout sa nou vle fe –yo , li mande tou pou nou trê modere, se pou nou apwan tande lot moun- ki gen lot ide- tou. E fok nou pa janm kwe ki li fasyl pou nou realize yon pwojet. Fok nou kapab mezure projet nou –yo- sa vle di limite resutat yo pou tan koutt ak pou lontan .Fok nou aksepte fe lot chanjman si plan pa fonksyone jan nou te prewa-la.
Se tout mezur sa yo nou pa janm arive mete an aplicasyion ki fê li toujou trê difisyl pou nou reyalize yon pwojet ou yon pwogram devlopman pou yon zon.
Nou fe remarks sa yo avan menm ke nou prezante-ou program vil –la se paske nou pa ekri pwogram nan senpleman pou ekri yon pwogram. Nou ekril pou nou execute-li tou
Se sak fe nap montre- ou tout kote ke yon lot moun echwe pou nou menm-tou nou pa echwe. Nou rete kwe ki si nou tout respecte ak suive pa sa-yo ke nou pwal montre-ou la. Nou tout kapab we chanjman nan Gonayiv avan menm ke nou mouri. Te met se nan 10 -15 – 20 an anko.
Donk nap fe Motivasyon manch long pou reyalizasyion pwojet –sa yo.
Koman Rezoud
Pwoblem grangou Nan Gonayiv
Fok nou di ou ke sa-a se yon kriz entenasyonal ke mond lan ap traverse e si nou pa enfome popilasyion an. Moun nan Gonayiv kapab kompwan ke se yo menm sel kab viv nan sitiasyion deplorab sa-a. E pep la ka pab vini tre violan paske la vin panse ke se neglije yo neglije-li Se sa ki banou resulta violans nan potoprins denyeman. Letat ,komesan ak machan gen role enpotan pou yo jwe nan kriz’sa-a.
Mwen pa etone dutou si jodi-a nap viv nan fason ke nap viv la, se paske depi lontan nou pajan’m aksepte vini ak yon pwogram vevelopman pou zon-nan. Chak moun panse ke li ka viv pokont-li .Chack moun chak jou fe yonsel piwett. Jwenn kob Pou’li manje e Zafe lot moun-yo. Nou pa kwe nan tet ansanm ak oganizasyion. Nou viv nan yon fason pesonel ak nou menm. Nou pa panse ak bezwen yon ansanm nan sosyete-ya . E nou viv selman pou jodi-ya san panse ak demen.
Si nou rekonet ke remarks sa-yo vre,nou dwe apwan a chanje fason nou ak panse –nou pou nou ka pab aksepte fe chanjman nou vle-a. Chanjman kap bon pou tout moun nan sosyete-ya men nan 10- 15- 20 ans anko.
An nou ansanm defini Kisa GWANGOU ye e pi nap cheche kompwan dabô pou ki sa e koman nou fe gwangou. E pi nou pwal wê koman nap pwal travay ansanm
Ak yon plan pou nou pa gwangou men jan-an anko.
Definition
Gwangou : pa gen manje nan kay-la pou –ou,- Pou pitit ou- Pou fanmy-ou- Pou vwazen ou e menm Pou tout lot moun ki bô kote ou .
E ki sak koz sa,
1- Papa ak manman pap travay.
2- Leta pa ofri pies pwogram pou ede ou ..
3 Amplwaye ap vole leta.
4-Movejesyion nan leta
5-Komesan manke pwodwi.
6-E lot moun ki gen kob pa bati pies factory nan vil-la paske yo pê mouri a koz jalouzy malfecfê.
7-Pi gwo pwoblem ki koz gwangou nan vil- la se kantite kob vil la pwodui nan la douane ak APN. Toutt ale nan potoprins, leta pa envisti nan vil Gonayiv se pran yo vin pran
8- Se konsekans tout move evenman politik ak natirel ki pase nan peyi.-a tou.
Nou pwal ansan travay pou nou jwen yon solusyion ak tout pwoblem sa yo pou amelyore sitiasyion vil la nan mwens de 10 ans.
Premye pa nan plan- an se amelyore gwangou pou ti moun- yo konyê-a
Pou si mwa.
Fason ki pi fasyl se
1-mete yon pwogram manje nan toutt lekol- yo
2-mete yon pwogram manje nan kekt katye-tou
3- repa- yo ap distribye menm le chak jou. Sa ap pemet ke ni ti mou ki al lekol ni sa ki pa ale , yap jwenn yon plat manje chak jou.
Li bel se vre men koman nou kapab realize plan sa-a ,se sa ki pi enpotan
Analyse
1- ki kantite ti mounn nou vle bay manje
2-Ki sa nou vle bayo pou manje
3-Ki kote nap jwenn manje pou nou bay toutt ti mounn sa-yo
4- E koman nap bayo manje- ya
Definisyon
kantite ti mounn
Nou ta renmen ede toutt ti bebe ki fet nan Gonayiv pou premye si mwa nesans yo NAN YON PWOGRAM SWEN TI MOUN.
Nou ta renmen ede pou si mwa ti moun de 1 an a 4 ans ki po ko ale lekol
Nou ta renmen ede pou si mwa ti mounn ki nan klas primê-yo
Pati sa-a te ede nou defini selman ki kantite ti mounn ke nou ta vle ede
Pou ti mounn ki fek fet nou jwen 1000 bebe pa jou pou si mwa
Ti mounn 1 an a 4 katran 5000 anfan pa jou pou si mwa
Ti mounn 5 an a 12 ans 20,000 anfan pa jou pou si mwa
Ou wê ti kantite sa-a selman nap pale ya gentan montre nou ke se pa yon ti travay ke mwen menm sel kapab realize, ou byen yon sel oganisasyion ka pab fel ou byen yon sel pati politik ka pab realize
Se travay ak tet ansanm nou tout pou ki pemet nou realize’l. SE pousa nou voye envitasyon bay ou menm , bay toutt oganizasyion kap ede, bay toutt ofis leta-yo
Bay tout manman ak papa ti moun yo
Se pou nou fe yon preparasyion ak contizasyion manch long pou nou gen sifizamman de fon pou execute pwojet-ya.
Nap kampe-la paske nou mande koman nap jwenn lajan pou exekite plan-
1
Nap mete soi pye yon oganizasyion responsab pou li ramase lajan
2
Nap mande tout misitê leta yo pu yo patisipe
3
Pou politisyen nou yo envesti nan pwojet nou yo si yo bezwen nou vote pou yo
4
Nap mande tout paran yo pou yo bay sa yo kapab kom donasyion
5
Nap mande tout ofis ki reprezante leta nan vil- la pou yo bay oganizasyion –an yon ti donasyion tou
6
Nap ofri yon sevis de promosyion ak komesan- yo pou yo patisype ak nou
7
Nap mande atis nou yo pou yo ede nou nan kek pwojet sosyal pou ramase fon
8
Nap oganize tout aktivite sosial ak kiltirel pou ede oganizasyion-an
9
Nap pibliye nimewo akont nou pou nenpot moun ou oganizasyion ki vle ede nou ka pab depoze fon pou nou.
Nan pati sa-a se deside koman nou pwal ede chak category ti moun yo pou si mwa.
Pou ti bebe yo
Se pou manman ou papa timoun-nan enskry kom manb oubyen volonte nan youn nan oganizasyion vil-la et kom rekompans nap bayo yon koupon mange pou ti bebe-yo . Nap deside ki sa pou nou mete sou koupon-yo suivan demand ak bezwen moun-yo.
Oganizasyion nou yo ap peye chack mwa ou chack kenze jou tout magazen ki nan pwogram –nan
Pou ti moun 1an ak 4 an
Nap ede-yo a trave konsiltasyion ak clinik docte-yo kap deside plan alimantasyion ti moun-sa yo. Nou panse le lite empotan avan mem ke nou rantre nan devlopman solisyion gwangou pou gwan moun yo, ke nou te amelyore gwangou ti moun-yo dabo.
Pou elev nan klas primê-yo
Nap mete yon pwogram manje nan lekol ki akcepte-yo. Selman yap banou opotinite pou nou ofri ak timoun say o yon pwogram enstriksyion sivyk ak role sosyal pa yo nan sosyete-ya.
Menu –yo ap varye depan de fon ki disponib pou si mwa
Men ki sa nap benefisye nan pwogwam sa
1) prê de mil manb kap travay pou nou kom volonte
2) nap fe edikasyion syvik de 20,000 ti moun
3) Nap travay ak dokte ak klicik-nou yo
4) Nap ede komesan-nou yo
Yon fwa nou rive-la , nou amelyore san ke nou par an kont,gwangou kek gwanmoun- tou. Nou garanti ke ti moun-yo ap manje chak jou pou si mwa. Manman ak papa ti moun- sa yo gen mwens piwett pou yo fe
Leta gen rol pa’l tou pou li jwe nan zafê Gwangou sosyete-ya
Tout tan ke nap anplwaye moun ki pa gen kompetans pou fê travay leta –yo.,
Tout tan nou pa amplwaye moun ki konen ke yo pa dwe bay popilasyion-an sevis
Tout tan ke chef leta –yo pa sispan mete moun nan djob leta-yo Selman pou garanti entere pesonel pa yo.
Tout tan nou pa pwan konsyans de peyi-ya, de eta nou kom sosyete
Tout tan ke represantan leta na vil-la pa vle pran responsablite-yo’ pou yo travay sou yon pwogram devlopman pou vil-la
Tout tan nou pa enfome e refome tet –nou, nap toujou nan gwangou.
DONK AN NOU
METE DISIPLYN
AK SIPEVIZYION
NAN OFIS LETA-YO
Nap refome kek prensip nan desizyion administrasyion-yo, yo pa mache ak realite moun kap viv nan sosyete-ya jodi-ya. Si la komin, la dawn ak APN, La Polis ak Kontribisyion ki se sous lajan leta nan vil-la ,si yo pa reorganize fason yo fonksyone ou fason yo taxe polilasyion, yo menm tou ap Mennen nou nan rout gwangou-a.
Nou espere ke tout enstitisyion sa-yo ta chita ansanm nan kek ‘’ reyinyion de vil ‘’pou yo fe koudey sou pwoblem sa yo .
Nou te site pou ou déjà wit gwo rezon ki koz gwangou nan vil-la , nap selman ba-ou kek lot anko ki pwal ede nou prepare pwogwam-sa-
1-An nou gage ansanm rapo ofis leta –yo ki kantite kob yo fe, ki sa leta fê ak kob sa-yo,Ki envestysman leta fê nan vil Gonayiv.
2- nap gade tou responsablyte sosyete sivil- la , ki sa yo ofri sosyete-ya. Eske yo vrêman mete travay nan peyi-ya. E pou ki sa yo manke fe pwogre
3-nap evalue- tou kek bagay ke nou genyen nan gonayiv ke nou dwe itilize e nou pa arive fe sa
4- nap gade tou role fomasyion ak enstriksyion ke nou resevwa jwe tou nan zafe gwangou sosyete-ya. Sa vle di sitoyen nap prepare-yo pa reyelman ede peyi-ya nan anyen.
A pati de done sa-yo, nou pwal prepare yon plan de Amelyorasyion pou grangou nan VIL Gonayiv.
Avan ke nou rantre nan detay-yo nap fe ou remake
1)Nou pa gen anyen pesonel ak leta ou moun kap travay pou leta.. Nou sel man konsene de pwoblem sosyete-ya.
2-Si ou menm leta-a, amplwaye leta ,ak sivyl-yo, si nou pa mete men ansanm pou nou pwan angajman pou nou chanje sitiasyion ekonomik ak sitiasyion sosyal nou, nou pap janm jwen chanjman ke nap cheche-ya
Nou tout gen responsablite pou nou patisype.
Konyê-ya nap chwazi kek ofis leta nan Gonayiv ki gen pouvwa ekonomik vil-la nan men yo. E si nou rive ansanm a reoganize enstitisyion sa –yo, nap fe yon gwo chanjman nan zafe Gwangou sosyote-ya. E leta –a ap fe yon pi bon travay.
Nou gen La Dwan ak APN, Lakomin ak Kontribisyion- La Polis ect…
Dwan ak APN
Si nou ta defini dé enstitisyion sa-yo jodi-ya, nou ta di ou ke se yon group moun ke leta-a ou yon chef ki nan leta-a mete nan post sa- pou’l travay pou entere pa yo selman. Yo bay moun sa-yo tout pouvwa pou yo fe sa yo vle ak popilasyion-an tout tan ke yap bay chef yo nan potoprins yon bon rapô. Yo souse tout ti machan san yo pa ran kont, yo kraze tout biznis nan peyi-ya. Yo dekouraje tout moun ak etranje vin envesti nan peyi-a. Mezanmi tout moun sa yo se komplis nan zafe gwangou popilasyion-an.
Nan pwogran sa-a nou ta dwe gade Zafe Pô nan Gonayiv, Sevis ke yap ofri yo pemet ke jodi-ya nou gen selman 3 bato kif e tranzaksyion nan Gonayiv ( Bato siman,vyan yon bato Miami )
Eske yon vil kon Gonayiv kapab repoze’l sou selman 3 bato e malgre sa Vil –la pa janm benefisye anyen nan tranzaksyion sa –yo. Tout kob sa-yo rantre Potoprins E sa ki pi drole la menm kek nan anplwaye leta-sayo kon pa ka touche tou. Mezanmi, nou gen entere fe chanjman na enstisisyion sa-yo. Chanjman nap pale-ya pa vle di revokasyion , Se pito bay enstitisyion sa yo yon lot objektif,
Bay anplwaye sa yo plis fomasyion ak konpetans Se amelyiore jessyion ak fonklsyonman enstitisyion –yo. ‘Se pito ofri yon meye sevis ak tout moun ki se clyan enstitisyion-an. Se mete disiplin ak bon kontrol nan zafe lajan leta-a.
Malgre rate batiman nan Gonayiv, la dwan se enstitisyion ki bay leta ayisyen plis kob, men se ofis ki pi an dezod nan zafe biznis, yo pa gen yon mach a suiv, chak moun fe zafe –yo jan yo vle, Pa gen pies moun ki konen sou ki sa leta baze poul taxe yon machandiz, Machan yo pa janm konen reyelman konbyen kob yo dwe peye pou tel atik. Pou zafe pote Machin menm se pa pale, yo arive chaje-ou plis kob pou la dwan, ke sa machin koute-ou. Nou konen ke la dwan ta dwe travay ak dep komes ki li menm tou dwe jwe yon role enpotan nan zafe taxasyion machandiz.
Men sa nou ta dwe fe pou amelyore pwoblem sa yo.
1-Leta dwe envesti ou prete vil Gonayiv kob pou yo ranje warf –la.Gonayiv gen pou devwa remet kob sa-a ak entere depan de kontra ke yo aksepte.
2-Vil Gonayiv ap reponsab de tout tranzaksyion kob ki fet sou warf-la, Yap selman bay Potoprins rapo ak pwev de ki sa nou fê ak kob leta-a pandan ke nap peye det-nou chak mwa.
3- Nap fome yon komisyion de rapo ak gesyion pou ki travay ak anplwaye- leta-yo, lap bayo tou fomasyion ak preparasyion.
4-Nap repare e modenize ofis dwan-nan,nap redefini rol yon direkte, yon moun ki tadwe plis yon negosyate,yon moun kap chache zafe pou vil-la, fe plis batiman rantre nan vil,la, yon demachê..Direkte-ya ta dwe tou yon moun ki ka pab pwan bon desizyion pou entere la dwan ak vil Gonayiv..
5Nap prepare yon pwogwam taxasyion suivan realite jodi-ya, pou fasilite tout moun kap fe komes. Nap rekalkule taxasyion machin-yo, suivan ane- pri key o achte’l e kondisyion’. Nap ofri plis fasilite ak endistri komes-la pou tout moun ka gen yon ale mye.. Nap travay avek plis transparans.
Paske nap enfome poplilasyion –an a trave pwogram radio-nou.
6-Pou ran tranzaksyion-yo pi fasil, nap travay ak kek ofis prive , ki yo menm tou ap gen privilej pou ofri menm sevis ak la dawn.
7-potoprins ap gen rapo chak mwa
Total kob ki rantre nan enstitisyion-an
Total kob kip eye anplwaye
Total kob ki depanse pou enstitisyion-an
Total kob kip eye det enstitisyion-an
Total kob leta jwen
Total kob vil –la benefisye
LA POLIS
Bravo, jodi-ya nan Gonayiv, La Polis se sel enstitisyion leta ki montre yon volonte de patisypasyion ak chanjman nan sosyete-ya. Si y opa pwodui plis toujou, se paske ofisyel nan Gonayiv-yo pa pwan responsablyte-yo pi yo travay pibyen toujou. E enkonpetans-yo reflete sou la polis –la.. Magret ou gen kek bagay nou we ke la polis- la nan Gonayiv te kapab fe sutou nan zafe sikilasyion nan lespy de mete lod nan dezod. Se yon dwa rezeve ke la polis-la genyen poul ranfose tou lwa kap pwoteje popilasyion-an.
Men nou konen ke polis-la tankou tout enstitisyion yo pa gen ase fon pou yo fe travay ke yo merite. Nou ka pab chanje sitiasyion sa-a si
1-La polis- la dwe kontrole ak ankadre sikylasyion Moto yo nan Gonayiy.( mwen ekri déjà Yo pwojet sou sa) lap bayo kat idantite- la polis ap envesti nan zafe inifom pou –yo. La polis ap fe lekol pou motre moun kondwi. Se fason pou la polis-la fe kob
2)La polis ta dwe bay pou lajan yon lisans ak tout moun ki vle fome yon ko prive ak teknic san zam pou ofrri sekirite nan vil—la suivan regleman ke la polis la li menm ap enpoze.
3) La polis kapab ansanm ak lakomin travay nan yon pwogram bel rantre pou vil –la, kote chak machin kap pase dwe peye yon fre kap rantre nan lajan reparasyion vil- la
4) LAPOLIS dwe ede lakomin a ranfose lwa kominal yo. La komin tou dwe peye la polis-la suivan total kontravansyion ke lapolis la bay moun kap fe dezod e kip a respekte lwa-yo
5) La polisla ta dwe itilize prizonye-yo pou yo fe kob pou enstitisyion-an . Suivan pinisyion krim ke prizonye-a fe mennen li al kraze roch sou mon nan . E ke la polis ap van bi bon mache ke lot moun yo
6) La Polis-la dwe genyen yon fon spesyal. Kote tout moun dwe ede ak volonte pou yo bay la polis-la ti kob pou ede enstitisyion-an. Sa fet tout kote.
Tout pwogram sa yo ape de enstitisyion-an amelyore sitiasyion ekonomic li , poul kapab ofri pi bon sevis ak popilasyion-an.
LA KOMIN
1- Dwe taxe moun kap van nan mache-yo, moun ki vini van nan vil-la
2- Dwe bay pemi ak moun kap kostwi nan vil
3- Taxe moun ki lague bet nan vil-la
4- Taxe moun kap ililize byen la komin
5- Taxe tout lekol-yo
6- Taxe tout biznis-yo
LAKOMIN, dwe fe plis mache nan vil-la, ofri plis pak pou ti moun yo jwe. Dwe fe pak kominal pou mete bet ke yo sezy.Envesti nan pwogram kiltirel pou sosyete-ya. Envesti nan pwogram kompetisyion pwopte pou vil-la
Si majistra –yo eseye Selman mete sa-yo an aplikasyion, Lakomin ap bay travay, la komin ap kreye anbyans e yap fe kob pou devlope vil-la.
DESSALINES JOACHIM
06-16-2008