MEN  YON PWOGRAM

DEVLOPMAN  POU ZON GONAYIV

 

 

Nou ekri pwogram-nan paske nou kwè  ke pap janm gen devlopman nan yon zón si  moun kap viv  nan zón, nan pa suiv yon plan oubyen yon pwogram  devlopman ki adapte oubyen koresponn ak zón sila-a..Le nou rankontre, nou pale , e tande  moun Gonayiv ,nou remake ke tout moun jodi-a ta renmen  vil la chanje  tout bon vre e tout moun ta anvi  genyen yon ale mye.  Santiman sa-a fô lakay 90% moun nan popilasyon-an. Men  nou remake malgre bezwen ak volonte moun-yo pou chanjman kapab fêt , men pêson pa janm  ka realize’l  .Se paske nou pa jan’m genyen   yon plan reyèlman. Pou mwen menm, prezante yon plan devlopman se premye pa enpótan ke nou dwe  fè pou kómanse  fè devlopman nan nenpot zón. Plan-an dwe prepare an fonksyon de reyalité bezwen  zón-lan e avèk objektif  ki klè ,ki senp pou amelyore eta ak  kondisyon lavi chak moun kap viv nan sosyete  sa-a. Se nan objektif-sila-yo-a nou pwal ofri yon plan pou moun lakay, nan Gonayiv  . Pou vini ak plan sa-a  nou fe anpil rechech  sou pwoblèm yo, konplent ak bezwen polipasyon –an . Si  pa exzanp mwen mande’w   ki sa daprè oumenm ou konsidere kóm  pi gwo bezwen Vil Gonayiv- jodi-a ?.Anpil moun  ap di se :  Grangou - Fê nwa-  Sante-  moun sou –moun- fatra- Gonayiv chaje ak trou- e pi eta jeneral  vil’la etc Sa vle di : nou pa kapab prepare yon plan pou vil Gonayiv .S’il  pa ofri nou yon solisyon  pou chak pwoblèm ’sa yo . Avan menm ke nou rantre nan preparasyon plan-an nou dwe tou swit kómanse  enfóme nou tout ak motive popilasyon an pou li patisipe ansanm  ak otorite yo nan ede nou mete pwojè  yo an aplikasyion. E sa ki pi enpotan se fè chak  moun  konpwann  enpotans chanjman sila- ak tout benefis sosyete a menm ap jwenn lè chanjman an kómanse pran rasinn

Tropikana di «  tout sa ki pa bon pou you.n- li bon pou yon lot » Sa vle di nan lojik pa  ,nou :Menm lè ou wè tout moun ap plenyen pou tout pwoblèm sa yo ke nou idantifye pou vil    nayiv, fók nou pa janm inyore ke gen anpil  moun se pandan vil la nan eta sa-a ke yo menm yo fè fôtun pa yo. E L’ap trê difisil  pou moun sa yo aksepte nou parèt ak pwogram chanjman kab bon pou tout  vil la. Tou sa se akoz enterè pèsonel moun sila yo .Pa gen anyen mal nan santiman  moun  sa-yo .  Senpleman nou  dwe ofri yo yon lót altènatif.

“Tankou pa exanp, moun Kap lave machinn ak moto nan  mitan vil Gonayiv:. Si nou vle retire-yo Fók nou gen yon kote pou nou mete- yo.,paske yo menm tou fók yo ka viv. ‘’                                                                                                                              ‘

 Nan entrodiksyon recherch ak preparasyon plan pou vil Gonayiv.-la, nou  mansyone de pwoblèm enpótan ke nou dwe rezoud avan menm ke nou travay sou nenpót pwojè   devlopman pou yon zón

 a) enfóme popilasyon an  pou li byen Kompwan enpótans bezwen  chanjman-an

e bezwen pou li patisipe tou nan chanjman ke nap ofri’ la-a

b) Diminye  enpak ak  pwoblèm ke chanjman-an  ka  fè sou lót moun ki pa bezwen chanjman-an pou yo viv .Ofri yo lot altènatif jan nou di-ou la

  c) E li enpótan tou pou nou menm ki vle reyalize chanjman-an  konprann  tou sa nou vle fè –yo . Li mande tou pou nou trè modere, se pou nou aprann tande lot moun-  ki gen lot lide- tou. E fók nou pa janm kwè keli    fasil  pou nou reyalize yon pwojè . Fók nou kapab mezire projè nou yo- sa vle di limite resuta yo pou yon  tan ki  kout  ak pou yontan pi lwen  .Fók nou aksepte fè kek   chanjman si plan-an pa fonksyone jan nou te prevwal-la.

 Se tout mezi sa yo nou pa janm rive mete an aplikasyon ki fè li toujou trè difisil  pou nou reyalize yon projè oubyen   yon pwogram  devlopman pou yon zón.

Nou fè remak sa yo avan menm ke nou prezante-w program vil –la se paske nou pa ekri pwogram  lan senplèman pou ekri yon pwogram. Nou ekri’l  pou nou kapab  ekzekite l - tou

 Se sak fè nap montre- w tout kote ke yon lót moun echwe konsa  nou menm nou pran prekosyon pou nou pa echwe tou.. Nou rete kwè  ke si   nou tout respekte e suiv pa sa-yo ke nou pwal montre-w la-a. Travay la gen ampil chans jwen siksê.. Sa vle di etap sa yo,  e nou tout kapab wè chanjman nan Gonayiv avan menm ke nou mouri. te mèt se nan 10 -15 – 20 tan anko.

Donk  se pou nou fè    Motivasyon manch long pou reyalizasyon pwojè –sa yo.

Kóman Rezoud

Pwoblem grangou Nan Gonayiv

Fok nou di ou ke sa-a se yon kriz entènasyonal ke  tout peyi ap travèse . Pou sa fó nou pran tan  jwenn fason senp ,fason ki klè kon dlo kristal pou nou esplike moun yo sakap pase enpe patou  sou latè .Ak bon esplikasyon sila yo, moun yo kapab tande ,answit patisipe nan tout planifikasyon kap fèt pou bon chanjman  rivè fet ,chanjman Kap gen bon rasin.

.  Moun nan Gonayiv kapab konpran ke se yo menm sel  kab viv nan sitiasyion deplorab sa-a. E pep la ka pab vini tre violan paske la vin panse ke se neglije yo neglije-li Se sa ki  banou resulta violans nan potoprens denyeman. Leta ,kómesan ak machan gen wól enpotan pou yo jwe nan kriz’ sa-a.

Mwen pa etone ditou si jodi-a  n’ap viv nan fason ke n’ap viv la, se paske  depi lontan nou pa janm aksepte  travay sou  yon pwogram devlopman pou zón-lan. Chak moun panse ke li ka viv poukont-li .Chak moun chak jou fè yonsèl piwèt. jwenn kób Pou ‘li manje e zafè lót moun-yo. Nou pa kwè nan tèt ansanm ak  nan oganizasyon. Nou viv  yon fason  byen pesonel ..Zafè vwazen  pa pou  mwen , pa konsène’m . Nou pa panse ke tout sosyete Gonayiv lla gen bezwen, tankou bezwen manje bezwen lekol bezwen lasante ,bezwen rekreyasyon anfen anfen tout lot bezwen-yo

Si nou rekonèt ke remaks sa-yo fè sans ,nou dwe aprann   chanje  fason nou  panse, fason nou aji  –nou pou nou ka pab aksepte fè chanjman nou vle-a. .

 An nou ansanm defini Kisa GRANGOU ye e pi nap chechè konpwann  dabô pou ki sa e kóman nou fe grangou. E pi nou pral wè kóman nou tout kal  travay ansanm

Pou prépare yon bon plan pou fini nètalkole ak grangou-a

Definisyon

Grangou : pa gen  manje nan kay-la pou –ou,- pou pitit ou- pou fanmi-ou- pou vwazen ou e menm  pou tout lot moun k ap viv nan vil la  e menm nan tout peyi-a

 

E ki sak kóz sa,

1- Papa ak manman pap travay.

2- Leta pa ofri pyes pwogram pou ede moun ..

3 Anplwaye ap volè leta.

4-Movejesyon nan leta

5-Kómesan ,endistryel, agrikiltè manke prodwi.

 6-E lot moun ki gen kób pa bati pyes  faktory nan vil-la paske yo pê mouri a kóz jalouzi malfekfê.

7-Pi gwo pwoblem ki kóz grangou nan vil- la  tou se kantite kób vil la pwodui nan la dwann  ak APN, tout ale nan potoprens, leta pa envisti nan vil Gonayiv se pran yo vin pran

8- Se konsekans tout move evenman politik ak natirel ki pase nan peyi.-a tou.

Nou pral ansanm travay  pou nou ofri  yon solisyon ak  tout pwoblèm sa yo  paske nou ta renmen   amelyore sitiyasyon vil la  nan yon tan ki pa two long an nou di 10 an

Premye pa nan plan- an se amelyore grangou pou ti moun- yo konyê-a

Fason ki pi fasil  daprè mwen

1-mete yon pwogram manje nan tout lekol- yo

2-mete yon pwogram manje nan tout katye-yo

3- repa- yo ap distribye menm le-a  chak jou.  Sa ap pemèt ke ni ti moun ki al lekól ni sa ki pa ale , yap jwenn yon plat manje chak jou.

 

Li bèl se vre men kóman  nou kapab reyalize plan sa-a, se sa ki pi enpótan

Analyz

1- ki kantite ti mounn nou vle bay manje

2-Ki sa nou vle bayo pou manje

3-Ki kote n’ap jwenn manje pou nou bay tout ti moun sa-yo

4- E kóman n’ap bayo manje- ya

Definisyon

kantite ti moun

Nou ta renmen ede tout ti bebe ki fèt nan Gonayiv pou premye si mwa nesans yo NAN YON PWOGRAM   SWEN TI MOUN.

Nou ta renmen ede pou si mwa ti moun de 1 an a 4 an  ki poko ale lekól

Nou ta renmen ede  pou si mwa ti mounn ki nan klas primè-yo

Pati sa-a te ede nou defini selman ki kantite ti mounn ke nou ta vle ede

Pou ti mounn ki fek fet nou jwen 1000 bebe pa jou  pou si mwa

     Ti mounn 1 an a 4 katran       5000 anfan pa jou pou si mwa

    Ti mounn 5 an a 12 ans         20,000 anfan pa jou pou si mwa

Ou wê ti kantite sa-a sèlman nap pale a gentan montre nou ke se pa yon ti travay ke mwen menm sèl kapab reyalize, ou byen yon sèl oganizasyon kapab fè’l ou byen yon sèl pati politik ka pab reyalize

Se travay ak tèt ansanm nou tout pou ki pèmèt nou reyalize’l. Se  pousa nou dwe voye envitasyon bay ou menm , bay tout  oganizasyon k’ap ede, bay tout ofis leta-yo.Bay tout manman ak papa ti moun yo

Se pou nou fè yon preparasyon ak kotizasyon manch long pou nou gen sifizamman de lajan pou ekzekite pwojè-a.  

 

N’ap kanpe-la paske nou mande kouman n’ap jwenn lajan pou ekzekite gwo plan  sila-a

1

Nap mete sou pye yon oganizasyon responsab pou li ranmase lajan sèlman

2

N’ap mande tout ministé leta yo pou yo patisipe

3

Pou politisyen nou yo envesti nan pwojè –a , si yo bezwen nou vote pou yo

4

N’ap mande tout paran yo pou yo bay sa yo kapab kóm donasyon

 

5

N’ap mande tout ofis ki reprezante leta nan vil- la  pou yo bay oganizasyion –an  yon ti donasyion tou

6

N’ap ofri yon sèvis  promosyion ak komèsan- yo pou yo patisype ak nou

7

N’ap mande atis nou yo pou yo ede nou nan kèk pwojè sosyal pou ramase lajan

8

N’ap óganize tout aktivite sosyal ak kiltirèl pou ede óganizasyion-an

9

N’ap pibliye nimewo akont nou pou nenpót moun ou  byen oganizasyon ki vle ede nou kapab depoze lajan pou nou.

10

Anfen, se pou tout moun gen dwa mande kontwol nan lod ,nan disiplin.Nou dwe chak 6 mwa prezante eta jeneral óganizasyon an  bay piblik-la

 

 

Nan pati sa-a se deside kouman nou pral ede chak kategory ti moun yo pou si mwa.

 

Pou ti bebe yo

Se pou manman ou papa timoun-nan enskri kóm manm oubyen volontè nan youn nan óganizasyon vil-la e kóm rekonpans n’ap bayo yon koupon manje pou ti bebe-yo . N’ap deside ki sa pou nou mete sou koupon-yo suivan demand ak bezwen moun-yo.

Oganizasyon nou yo ap peye chack mwa ou chak kenze Jou tout magazen ki nan pwogram –nan

Pou ti moun 1an ak 4 an

Nap ede-yo a travè konsiltasyon ak clinik doktè-yo k’ap deside plan alimantasyon ti moun-sa yo. Nou panse  li empótan avan menm ke nou rantre  nan devlopman solisyion grangou pou gran moun yo, ke nou  te amelyore grangou ti moun-yo dabó.

Pou elev nan klas fondamantal yo

N’ap mete yon pwogram manje nan lekol ki aksepte-yo. Sèlman yap banou opotinite pou nou ofri  ak timoun sa yo yon pwogram enstriksyon sivik  ak   wól sosyal pa yo  nan sosyete-ya.

Menu –yo ap varye depan  kantite de kób  ki disponib pou 6 mwa

Men ki sa nap benefisye nan pwogram sa-a

1)        Nou ta renmen genyen  mil  manb kap travay pou nou kóm volontè

2)        fè edikasyon sivik  20,000 ti moun

3)        travay ak dokte ak klinik-nou yo

4)        ede komèsan-nou yo

Yon fwa nou rive-la , nou amelyore san nou pa rann nou  kont,grangou kèk ganmoun- tou. Nou garanti ke ti moun-yo ap manje chak jou pou 6 mwa. Manman ak papa ti moun- sa yo gen mwens pirwet pou yo fè

Leta gen wól pa’l tou pou li jwe nan zafê Grangou sosyete-ya

Tout tan ke n’ap anplwaye moun ki pa gen konpetans pou fê travay leta –yo.,

Tout tan nou pa anplwaye moun  ki konnen ke  yo pa dwe bay popilasyon-an sevis

Tout tan ke chèf leta –yo pa sispan mete moun nan djob leta-yo sèlman pou garanti enterè pèsonèl pa yo.

Tout tan nou pa pran konsyans de peyi-ya, de eta nou kóm sosyete

Tout tan ke represantan leta lan vil-la  pa vle pran responsablite-yo’ pou yo travay sou yon pwogram devlopman pou vil-la

Tout tan nou pa enfome e refóme tèt –nou, n’ap toujou nan grangou.

Si nou konprann byen, fók nou wè ke se pa sèlman leta ki responsab  move bagay kap fèt nan vil- la. Nou tout kila-a genyen yon responsablite pèsonèl pou nou pran. Nou dwe pran konsyans de sa pou nou patisipe nan program-nou yo

DONK AN NOU

METE DISIPLiN

AK SIPEVIZYON

NAN OFIS LETA-YO

N’ap refóme kèk prensip nan desizyon administrasyon-yo, yo pa mache ak reyalite moun k’ap viv  nan sosyete-ya jodi-a. Si lakomin, la dawnn ak APN, la Polis ak Kontribisyon  ki se sous lajan leta nan vil-la ,si yo pa reoganize fason yo fonksyone ou fason yo taxe polilasyon-an yo menm tou ap mennen  moun nan wout grangou-a.

N ou espere ke tout enstitisyon sa-yo ta chita ansanm  ak manm komisyon kominal yo, delege-a  e tout lót otorite yo  pou yo fè yon gran koudey  sou pwoblèm sa yo .

Nou te site pou ou déjà wit gwo rezon ki kóz grangou nan vil-la , n’ap sèlman ba-ou kèk lot anko ki pwal ede nou prepare pwogwam-sa-

1-Annou gade ansanm rapó ofis leta –yo ki kantite kób yo fè, ki sa leta fê ak kób sa-yo,Ki  envestisman leta fè nan vil  Gonayiv.

2- Annou gade tou responsablite sosyete sivil- la , ki sa yo ofri sosyete-ya. Eske yo vrêman mete travay nan peyi-a. E pou ki sa  yo manke fè pwogrè

3-Annou evalye- tou kèk bagay ke nou genyen nan gonayiv ke nou dwe itilize e nou pa arive fè sa

4- Annou  gade tou wól fómasyon ak enstriksyon ke nou resevwa-a jwe tou nan zafè grangou sosyete-ya. .

A pati done sila yo , nou pwal prepare yon plan  Amelyorasyon pou grangou nan VIL Gonayiv.

Avan ke nou rantre nan detay-yo  nap fè’w remake                                                                    

1)Nou pa gen anyen pèsonèl ak leta ou moun k’ap travay pou leta.. Nou sèlman konsène  akoz gwo pwoblèm sosyete-a.

2-Si ou menm leta-a, aplwaye leta ,ak sivil-yo, si nou pa mete men ansanm pou nou pran angajman pou nou chanje sitiyasyoni  ekonomik ak sitiyasyon sosyal  nou, nou pap janm jwenn chanjman ke nap chèche-ya

Nou tout  gen responsablite pou nou patisype ak tout kè nou nan travay chanjman peyi-a

Konnyê-ya n’ap chwazi kèk ofis leta nan Gonayiv ki gen pouvwa ekonomik vil-la nan men yo. E si nou rive ansanm  reoganize enstitisyon sa –yo, n’ap fè yon gwo chanjman  nan zafè Grangou sosyote-a. E leta –a ap fè yon pi bon travay.

Nou gen  La Dwann ak APN, Lakomin ak Kontribisyon-(DGI)  La Polis  ect…

Dwann ak APN

Si nou ta defini dé enstitisyion sa-yo jodi-ya,  nou ta di ou ke se yon group moun  ke  leta-a oubyen  yon chèf ki nan leta-a   pou’l travay pou enterè pa yo sèlman. Yo bay moun sa-yo tout pouvwa pou  yo fè sa yo vle ak popilasyon-an tout tan ke yap bay  chèf yo nan potoprens yon bon rapô. Yo souse  san  tout ti machann yo pa ran kont, yo kraze tout biznis nan peyi-a. Yo dekouraje tout moun ak etranje ki vle envesti nan peyi-a. Mezanmi tout moun sa yo se konplis nan zafè grangou popilasyon-an

Nan pwogran sa-a nou ta dwe gade Zafe Pô nan Gonayiv, Sèvis ke yap ofri yo pemèt ke jodi-ya  nou gen sèlman  3 bato  kifè tranzaksyon nan Gonayiv ( Bato siman,vyann e yon bato Miami )

Eske yon vil kon Gonayiv kapab repoze’l sou sèlman 3 bato e malgre sa Vil –la pa janm benefisye anyen nan tranzaksyon sa –yo. Tout kób sa-yo rantre Potoprens E sa ki pi dwol la menm kèk nan anplwaye leta-sayo kón pa ka touche tou. Mezanmi, nou gen enterè fè chanjman nan enstisisyon sa-yo. Chanjman n’ap pale-ya pa vle di revokasyion , Se pito bay enstitisyion sa yo yon lót  objektif,

Bay anplwaye sa yo plis fómasyon ak konpetans Se amelyore jesyon ak fonksyonman enstitisyon –yo. ‘Se pito ofri yon meyè sevis ak tout moun  ki se klyan enstitisyon-an. Se mete disiplin ak bon kontról nan zafè lajan leta-a.

Malgre rate batiman  nan Gonayiv, la dwann se enstitisyon ki bay leta ayisyen plis kób, men se ofis ki pi an dezód nan zafe biznis,  yo pa gen yon bon mach a suiv, chak moun fe zafè –yo jan yo vle, pa gen pyès moun ki konnen sou ki sa leta baze poul taxe yon machandiz, Machan yo pa janm konnen reyèlman konbyen kob yo dwe peye pou tèl atik. Pou zafe pote m achinn menm se pa pale, yo rive chaje-ou plis kób pou la dwann, ke sa machinn  koute-w. Nou konnen ke la dwann ta dwe travay ak depatman  komès ki li menm tou dwe jwe yon wól enpótan nan zafè taksasyon machandiz.

Men sa nou ta dwe fe pou amelyore pwoblèm sa yo.

1-Leta dwe envesti ou prete vil Gonayiv kób pou yo ranje warf –la.Gonayiv gen pou devwa remèt lajan sa-a ak entere  suivan de kontra ke yo aksepte.

2-Vil Gonayiv ap responsab de tout tranzaksyon lajan ki fèt sou warf-la, Yap sèlman bay Pótoprens rapó ak prèv tout tranzaksyon ki fèt   pandan ke nap peye dèt-nou chak mwa.

3- fome yon komisyon  ki pou ede nou  nan fómasyon jeneral anplwaye yo .

4- prepare e modènize ofis dwann-nan, redefini wól  yon direktè, yon moun ki ta dwe plis  pase yon yon negosyate,yon moun k’ap chache zafè pou vil-la, fè plis batiman rantre nan vil,la. Yon demachê..Direktè-a ta dwe tou yon moun ki kapab pran bon desizyon pou entere la dwann la ak  tout vil Gonayiv..

5 Prepare yon pwogram taksasyon suivan reyalite jodi-a, pou fasilite tout moun  k’ap fè komès.  RekalkIle taksasyon machinn-yo, suivan  ane- pri  akyyel-la   e kondisyon’machinn-nan. Nou dwe ofri plis fasilite  ak endistri komès-la pou tout moun ka gen yon ale mye..  Travay avèk plis transparans paske nou dwe  enfome popilasyon –an  a travè pwogram radyo-nou.

6- Ran tranzaksyon-yo pi fasil, travay ak kèk ofis prive , ki yo menm tou ap gen privilèj  pou ofri menm sèvis ak la dawnn.

7-potoprens dwe  gen rapó chak mwa

Total lajan ki rantre nan enstitisyon-an

Total lajan  ki peye anplwaye

Total lajan  ki depanse pou enstitisyon-an

Total kob ki peye dèt enstitisyon-an

Total kób leta jwenn

Total lajan vil –la benefisye

LA POLIS

Bravo, jodi-a nan Gonayiv, La Polis se sèl enstitisyon leta ki montre yon volonte  patisypasyon ak chanjman nan sosyete-a. Si yo pa pwodui plis toujou, se paske ofisyèl nan Gonayiv-yo pa  pran responsablite-yo.  .  Enkonpetans-yo reflete sou la polis –la.. magre tgen kèk bagay nou wè ke la polis- la  nan Gonayiv te kapab fè sitou nan zafè sikilasyon nan lespri  mete lód nan dezód. Se yon dwa rezève ke la polis-la genyen poul ranfóse tou lwa k’ap pwoteje popilasyon-an.

Men nou konnen ke polis-la tankou tout enstitisyon yo  pa gen ase fon pou yo fè travay ke yo merite. Nou kapab chanje sitiyasyon sa-a si

1-Lapolis- la dwe kontrole ak ankadre sikilasyon Moto yo nan Gonayiv.( mwen ekri déja Yo pwojè sou sa) l’ ap bayo kat idantite- la polis ap envesti nan zafè inifom pou  chofè–yo. Lapolis  dwe  fè lekol pou montre moun kondwi. Se fason pou la polis-la ka fè lajan

2)Lapolis ta dwe bay  yon lisans ak tout moun ki vle fóme yon kó prive ak teknik san zam pou ofrri sekirite nan vil—la suivan règleman ke la polis la li menm ap enpoze.

3) La polis kapab ansanm   ak lakomin travay nan yon pwogram bèl rantre pou vil –la, kote chak machinn  kap pase dwe peye yon frè.Lajan sa-a dwe  rantre nan lajan reparasyon vil- la oubyen wout-yo

4) LAPOLIS dwe ede lakomin  ranfóse lwa kominal yo. La komin tou dwe peye la polis-la suivan total kontravansyon ke lapolis la bay moun k’ap fè dezód e kipa respekte lwa-yo

5) La polis la ta dwe itilize prizonye-yo pou yo  fe lajan rantre nan kes enstitisyon-an . Suivan pinisyon krim ke prizonye-a fè mennen li al kraze róch sou món nan  pou konstriksyon lakomin nan

6) Lapolis la ta dwe genyen yon fon espesyal. Kote tout moun dwe ede  ak volonte pou yo bay la polis-la ti kób pou ede enstitisyon-an. Sa fèt tout kote.

Tout pwogram sa yo ap ede enstitisyon-an amelyore sitiyasyon ekonomic li , pou li kapab ofri pi bon sèvis ak popilasyon-an.

LA KOMIN

1-       Dwe taxe moun k’ap vann  nan mache-yo, moun ki vini vann  nan vil-la

2-       Dwe bay pèmi ak moun k’ap konstwi nan vil-la

3-       Taxe moun ki lage bet –yo nan vil-la

4-       Taxe moun k’ap ililize byen lakomin

5-       Taxe tout biznis-yo

LAKOMIN, dwe fè plis mache nan vil-la, konstwi  pak pou ti moun yo jwe,pou gran moun yo kafè ekzesis Dwe fè pak kominal pou mete bèt ke yo sezi.Envesti nan pwogram kiltirel pou sosyete-a. Envesti nan pwogram konpetisyon pwopte pou vil-la

      Chache endistriyel pou transfóme fatra yo

 

Si majistra –yo eseye mete sa-yo an aplikasyon, Lakomin  ap bay travay, la komin ap kreye anbyans e yap rantre lajan pou devlope vil-la.