PREZIDAN  PREVAL  KOTE  GATO   PA  PEYIZAN  YO

   Ki mounn mwen ye ? Non mwen se : Chesnel Phanord, nèg Fygye nan PLENN DELAB, youn nan 13 diplomat beton ke lapolis << Fort Lauderdale >>, nan Floride, te arête nan dat 16 Mas 1994 etan nou t’ ap rantre nan wout << Sun Rise >> la, sa vle di  nan << I 95 >> oubyen gran << Express Way >>. Nou te soti Miami e nou t’ ap rantre nan << Express Way >> a pou n al òganize manifestasyon pou retou DEMOKRASI nan peyi dayiti. Lè sa a se te 11  peyizan, gason vayan, plis youn fanm peyizann kite pi vayan pase 11 gason yo kole ansanm e ak youn nèg lavil ki t’ ap pral vini bòpè prezidan Aristide. Lapolis te pase menòt pou nou tout  13 sila yo e yo te kite lòt vwati yo ak tout mounn ladan yo kontinye wout la. Rezon arestasyon an : lapolis di nou bloke << Express Way >> a vè 3 zè- 3:30 P>M> e nou anpeche blan  rantre lakay yo apre yon lajounen travay. Gade non : Elikoptè sou tèt nou, televizyon te fè mikalaw, jounalis tribò babò. Jounal : << Miami Herald >>; << Sun Sentinel >> te la. Premye Minis René Préval te kontan  anpil paske peyizan  t’ ap pran responsablite pa yo. Ou sonje evènman sa a Prezidan Préval . Jodi a  kote peyizan sila yo  ? Sa w ap fè ak yo ? Kote atik jounal pa w yo ? Ou pate sere yo?

   Depi koudeta nan lane 91 la, manifestasyon te gaye toupatou nan peyi etranje pou ekzije pouvwa pèp ayisyen an respekte. Ou sonje : peyizan ayisyen nèg vayan tout bon vre monte drapo rezistans ak tout drapo fyète toupatou a letranje.

   Prezidan Préval, ou sonje dènye  gwo manifestasyon nan Washington D.C. a ? Gwo cheval lapolis yo pat kapab anpeche manifestan yo ale devan << Maison Blanche >> bay prezidan Clinton yon serenad. Men, ou sonje ankò, Prezidan Préval, nan tout manifestasyon sayo se 90% peyizan kite toujou ladan yo. Prezidan Préval, ou konprann sa mwen vle eksplike w la a  byen ?

   Prezidan Préval, ou sonje trè byen peyizan sa yo pa t ‘ap travay pou djob . Yo pa jamè mande ni yon ti djob ni pa jamè  mande touche.

   E poukisa, Prezidan Aristide pase de fwa sou pouvwa a  e pwoblèm peyizan pa janm poze ?

Men depi ane pase ou kòmanse yon dezyèm manda e anyen poko planifye pou peyizan yo. Okenn plan pa sou tapi, pa diskite  pou chanje kondisyon malsite, deplorab  peyizan yo ap viv la nan toulekat kwen peyi kite dwe pa nou tout la.. Eske genyen mounn ki tout bon , tout bon vre deside pou anglouti, pou fè disparèt mounn yo rele peyizan yo ?

   Prezidan Préval, se pitit peyizan yo ki tounen : << kidnapè >>; << zenglendo >>; ki tounen << sanzave >> nan tout lari Pòtoprens ak tout gwo vil, ak tout << bouk >> yo.

   Prezidan Préval, se pitit peyizan k’ ap janbe filfè tout lasent jounen, k’ ap foure kò yo  nan << kontenè >> e k’ ap mouri TOUFE lè yo ap chache travèse Saint-Domingue.

Prezidan Préval, se menm pitit peyizan sa yo  k’ ap pran  ti  kannòt << kanntè >> pou Miami, Bahamas ak tout lòt ti zile nou konnen yo. Reken, gwo reken, anpil reken toujou ap tann yo pou  fè  depwen ak tout dekabès sou yo . Apre sa , bato , gwo bato meriken souvan souvan mennen yo tounen. Lè yo rive lakay, tounen lakay, otorite nou yo bayo 200 goud. Eske 200 goud la se pou yo achte kòd pou  fè  sa nou tout konnen yan. Ala mesye otorite nou yo konnen manke pitit peyizan ak tout peyizan alawonnbadè dega. Genlè pitit peyizan pa mounn ? Pitit  peyizan se ti ZWAZO, ti TOUTREL, ti BET VOLAY pou tout malè rive. Pitit peyizan ak tout peyizan toujou gen tò, yo pa janm gen rezon. Ravèt pa janm gen rezon devan poul. Se konsa lite toujou ye depi 200 zan ak politisyen san fwa, ni lwa, ni konsyans nan REPIBLIK POTOPRENS .

   Prezidan Préval, mwen sèten ke w konnen Chesnel. Mwen sèten ke w konnen ke mwenmenm pitit  pitit  Viergella ( Charite  )  TALLEYRAND  pa kapak trayi ou, ni kont ou. Men mwen pap janm kont ni trayi peyizan yo tou menm nan dòmi. Prezidan Préval, kite m di piblikman yon lòt fwa ankò, Chesnel ta renmen wè Prezidan Préval depase Prezidan ESTIME nan reyalizasyon, nan fè bon bagay, bon travay pou devlopman peyi pa nou tout la. Se sa mwen vle, se sa mwen ap tann nan pouvwa pa w la.

   Prezidan Préval, bagay yo grav anpil anpil pou peyizan toupatou nan peyi a. Pa gen LEKOL, bon LEKOL ak bon mèt byen prepare pou fè  edikasyon an avanse, pou fè pitit peyizan rete lakay yo pandan 9 premye ane lekòl fondamantal.

  Prezidan Préval, pa gen lekòl pwofesyonèl, vokasyonèl, teknik pou pitit peyizan aprann metye, aprann  yon pwofesyon.

  

   Prezidan Préval, pa gen yon bon INIVESITE nan peyi a.  Pa koute mounn ki gen Inivèsite prive ap pale anlè. Li endispensab pou nou kòmanse ak yon INIVESITE ki kapab resevwa 40,000 ou 50,000  etidyan. Nan INIVESITE sa a  dwe genyen tout disiplin modèn yo, nou dwe genyen rechèch tou. Se lè sa a n’ ap kapab kòmanse  transfòme tout lokalite nan peyi pa nou tout la.

   Prezidan Préval, li dosye mwen te voye ba ou a lè w te poze kandidati w la ( 2005 ). << UN PLAN POUR DYNAMISER LE SYSTEME EDUCATIF >> Li << LE PAYSAN   ET SA VISION D’HAITI >> tou.

   Prezidan Préval, agrikilti a ap disparèt ak yon gran vitès nan peyi a. Elvaj, an jeneral preske pa ekziste ankò.

   Prezidan Préval,  tout rivyè nou yo ap jete ti dlo yo genyen an nan lanmè tou dwat. E lè lapli tonbe menm se rèl ka makorèl.Ou konnen byen sa k’ ap pase.

   Prezidan Préval tout tèt mounn nou yo deplimen, tounen tèt gridap.

   Prezidan Préval , pa genyen LAK KOLINE, pa genyen PI  ATEZYEN, pa genyen okenn RIVYE  KI BARE, KI ANDIGE nan kominote kominal nou yo ditou, ditou.

   Prezidan Préval , pa gen EDH, pa gen TELECO, pa gen APN, pa gen MINOTRI, pa gen SIMAN DAYITI, pa gen ENDISTRI, pa gen FAKTORI,etc,etc nan kominote riral yo. Senpleman  se gras ak SOLEY la,  LALINN nan tou ki fè nou kapab kenbe toujou.

   Anfen anfen, Prezidan Préval : li fè nwa tout tan nan tout rekwen peyi kite dwe pa nou tout la

   Prezidan  Préval, pa bliye : 1 milya 600milyon <<diaspora >> a voye lakay la, 75 % ladann se peyizan nan diaspora a ki pije tèt yo pou pa kite s’ ak dèyè yo mouri grangou. Souple, fè politisyen ( konspiratè ) yo sonje sa silvouplè. Sa mwen di la a se yon ti moso toupiti nan sitiyasyon an Prezidan Préval. Mwen pa vle di plis pase sa.

   Prezidan Préval : PEYIZAN DWE LADANN TOU . Voye je w byen devan ou. Konsantre pouvwa w la  sou PEYIZAN YO TOU.

   BON KOURAJ   LOD   DISIPLIN  RESPE  YOUNN  POU  LOT  VALE  MORAL  KONPETANS. Se pwen sila yo kita dwe   OBJEKTIF pou pouvwa w la chache reyalize, atenn pandan dezyèm manda w la

   Chesnel ap toujou kontinye batay pou PEYIZAN yo jouk li rann dènye souf li.

  NOU SWETE  POU PALE  NASYONAL LA TOUNEN KAY PEYIZAN YO  TOU.

Chesnel  PHANORD

New-Jersey,  22 Juillet 2007