jen ti peyi

 

    GONAYV.COM        

 YON JEN TI PEYI

Yon jen ti peyi , sel moso tê pa nou, ki   sou la tê béni

Ayiti  ap toujou gen la vi,  Ayiti ap toujou pi byen  grandi

Li selman bezwen pou tout pitit-li, apran’n pi byen reflechi

 

 Ayiti, yon ti peyi- byen jen, malgre tout frap , ak kriz li pasé

Ap kontinyé mande tout pitit li kel ke swa koté yo yé

Pou yo  aprann pi byen réflechi, jis  pou yo  ka ede’l vanse

 

Yon ti peyi tout piti, ki vle dérapé, malgré tout mizê li pasé.

Ap kontinyé mandé tout pitit-li pou yo aprann pi byen panse.

Jis pou yo  travay ak kê poze, pou yo pi byen organizé

Zanmi,fanmi, vwazen ansanm ak tout sosyete ki tou pre  .

 

Yon ti peyi- tout piti,  kap mande pou nou pran konsyans,

 Jis pou nou retrase listwa pou yon lot endepandans.

 Yon ti peyi tout piti, ki reyini,  tout sa ki gen pwisans

 Vle pa vle , yo  tout genyen  pou  peye,   yon diferans

Sou tout det mechanste,ak trahizon pou tet  endepandans

Ayiti yon ti peyi ki chaje ak listwa ansanm ak bon referans

 

Francois Joachim Dessalines