mwen menm

 

    GONAYV.COM        

PA  KONDANEM

Mwen ka konpran’n  panse’w

Mwen  Selman  kyte  letenel  guide’m

Si’m se pitit li ,  li ka fe sal vle  ave’m

Ou gen dwa utylize’m  kom referans

Depi se pou ede yon lot pran konsyans

Ou pran plezy   jije’m,  krytik’em

Pou  tout travay ke map  fe

Ou kondane’m pou sakryfis ke ou we’m fe

 Pa jan’m gen konsyans pou’w evalye sam  fe

Se Inyorans, jalouzy ak mechanste

Ki refyze  ede’w  pou we  pi  kle

 Men ou pa jan’m gen tan pou we

Apre tout sa ou dim fe,  ki sa , ou ede’m fe

Mwen chwazy  pa krytike, ni  konpare

sakrifys  ak  jefo   lot moun ap fe.

E ki sam ye. E ki Dwa’m pou’jije

Mwen Selman ka prye  Bondye

Pou’l ba nou lyme  ak matyrite

Pou’n ka pi byen apran evalye.

Le sa-a na we ki kote nou kanpe

Anveryte   nou  ka  toujou chanje

Nou pa bezwen pyes kredi sou la te

Nou pa ka asepte non plis   ,avek Ke’w

Pou’w foure’n, avan le , anbate

Si ou we travay nou diferan

se pou tout lot ki endiferan

Si ou reyelman jije nou enkonpetan

Bann chans poun pa rete inyoran

Pa pedi tan kondane nou

Nou pa la pou fe enteresan

 

Francois Joachim Dessalines