pitye

 

    GONAYV.COM        

PITYE AYITI MANDE

 

Pep Ayisyen Fò nou tout reveye

Sa fe lontan nap dòmi kanpe

Peyi'n tombe nan yon laviron dede

You'n ale -You'n vini anyen pa chanje

Ann krye pitye , ann nou rele

Pou yo sispan kraze, sispan touye

Pitit peyi-a , E tout sa yo ki vle

Ayiti vinn pi bel tankou yon pel

An nou krye yon tet ansanm

Pou tout pitit peyi-a konpran

E menm sa yo kite byen lwen

Vinn ran ayiti pi bel tankou dantel

Pi dous tankou yon moso kan

Ayti tout lannwit kon la jounen

Son kloch la mize ap sonen

Ayiti rele pitit li yo,li di yo retounen

Vin ede tout politisyen, tout sendenden

Kap touye tout ti fle ki tap boujonnen

Lidê politik nou yo ,tanpri souple

Nou tout ta dwe konsêne

Pep la mande,si- ou gen volonte

Pou'n ede peyi-a tout bon vre

Son wont devan la sosyete

Listwa va jije nou pou mechanste

Nou fe tout pitit peyi-a pasé

Aysien anndan vle pati , yo vle ale

Sak deyò- yo ap rele se pat sa yo te vle

Zanset -nou yo, yo tout ap mande pitye

Se nou toutt ki la kòz

Nou tout ap pran yon pòz

An nou sispan pran Bòz

Pep la mande lekol ak bon dòz

Presidan Dirijan tanpri souple

Leve kanpe, se manje pep la mande

Lybête -travay- sekyrite ce sa nap chêche.

Francois Joachim 10-19-2004

SI