REFONDASYON AYITI AVAN ELEKSYON
APPEL A LA JEUNESSE
Ala penitans ! Ala
tribilasyon ! Ala mizè ! Ala yon ma swife ! Ala yon gwo mòn kalvè pèp ayisyen
an ap monte depi 1806.
Pèp ayisyen an tounen tankou yon bann ak yon makòn bèf k’ap soti nan mache Lestè ( latibonit ) avèk yon lòt tralye k’ap soti nan Sid men apye pou politisyen ak tout kominote entènasyonal la al sakrifye nan labatwa repiblik pòtoprens ke nou tout konnen. Apali papa Ayiti tounen yon gran savann pou etranje vinn prigale, fè tou sa nou konnen yo: mete yon plòt isit yon lòtbò , apre sa yo va di : men mesye esklav yo ki kwè yo endepandan.
Pèp ayisyen , jenès ayisyen, se pa eleksyon ki mete demokrasi nan okenn peyi sou latè. Men se bon òganizasyon, bon aranjman, bon pataj pouvwa a toupatou nan yon peyi ki mennen demokrasi. Pa kite politisyen kòronpi, san vizyon ak tout kominote entènasyonal la bannou blòf sa a kenbe. Kominote entènasyonal la konnen byen se bon pataj pouvwa, bon aranjman teritwa a, bon distribisyon richès ki bay estabilite, ki bay pwogrè, anfen ki bay demokrasi. Yo konnen bagay sa yo pi byen pase nou. Poukisa yo pa ede nou mete bon jan estrikti nan peyi dayiti
Annou pran ekzanp sa a : si peyi pa nou an, peyi dayiti pa nou tout la te byen òganize ak responsab tout bon nan chak depatman nou yo, nou panse gouvènman an ta kapab kareman pran 360 milyon dola nan lajan PETRO CARIBE e pi l’ap founi je gade popilasyon san bannou okenn esplikasyon. Nou panse ke responsab 10 depatman jeyografik peyi a t’ap aksepte dezòd sa a, san konte lòt gògmagòg ki fèt ak lajan peyi a.
Pè ayisyen , jenès ayisyen : REFLECHI, REFLECHI. Pa kite politisyen k’ap vide diskou san valè, san sans, san fondman, politisyen k’ap kreye divizyon nan mitan nou, ap fè pwomès anlè, san valè. Pèp ayisyen , jenès ayisyen gen anpil lòt ekzanp toujou. REFLECHI, OGANIZE NOU. Si Toussaint, Dessalines ak tout lòt yo te batay pou bannou ENDEPANDANS, nou menm nou dwe batay san pran souf, fè sèvo nou travay byen, nan LOD, nan DISIPLIN, nan bon jan OGANIZASYON pou nou kapab REFONDE NASYON zansèt nou yo te mouri kite pou nou tout la. Se objektif sa a menm pou nou pousuiv, pou nou travay lajounen kon lannuit pou fè rive. Se lè sa a nou va genyen yon peyi TOU NEF. Se lè sa a , pèp ayisyen, jenès ayisyeen nou va genyen yon peyi djam. N’a gade nan Nò, gade nan Sid, gade nan Lwès, gade nan Lès, nou tout ansanm, nou tout alawonnbadè nou va frape lestonmak nou byen fò, lè sa a nou kapab di ak tout fòs nou : CHE MET ! CHE METRES.
Pèp ayisyen, jenès ayisyen andedan peyi a tankou deyò peyi a, lilè, litan pou nou ranmase karaktè nou. Lilè, litan pou nou kòmanse gran rasanbleman ki pou mennen nou REFONDE NASYON pa nou tout la. Lilè, litan, pèp ayisyen , jenès ayisyen pou nou tout ansanm frape pye nou atè pou nou di ak yon sèl vwa :DESANTRALIZASYON TOTAL KAPITAL, nou ekzije. Pèp ayisyen, jenès ayisyen fòs la se nan men nou li ye; fè tande vwa nou byen fò Pèp ayisyen, jenès ayisyen, mesye politisyen yo ak tout kominote entènasyonal.la pa dwe ap fè nou fè jiwèt, yo pa kapab oblije nou fè yon wout k’ap mennen nou toudwat LABATWA. Pèp ayisyen, jenès ayisyen se nou menm ki fòs la. AYITI tou nèf la se nou menm ki pou fonde l pi vit posib.. Sa se twòp atò. Twòp enjistis ! Twòp grangou ! Twòp politik. Twòp politisyen ! Okipasyon peyi dayiti dire twòp. Twòp moun san vizyon k’ ap vire won nan pouvwa ki chita nan repiblik pòtoprens la.
Pèp ayisyen, jenès ayisyen sonje, sonje byen sak pase peyi la France ak Napoléon Bonaparte kite vle retounen nou nan lesklavaj apre Toussaint Louverture te fè redije konstitisyon 1801 an. Sonje, sonje byen sak pase Napoléon lè Dessalines ak tout lòt jeneral endijèn yo te mete kokenn chenn lame sanginè Napoléon an dewout. La France ak tout lame Napoléon pèdi St Domingue.
Sonje, sonje, Napoléon te oblije vann meriken TERITWA La Louisianne. Mwen di byen TERITWA La louisianne. Mwen pa di l’Etat de la Louisianne. TERITWA La Louisianne se yon pakèt tè, anpil, anpil TE ki vinn fè 13 ou 16 eta ki nan Sid ak nan Lwès peyi meriken. Gè lendepandans la te oblije Napoléon vann tè sa yo pou 15 milyon dola nan mwa desanm 1803. Men meriken pate gen tout lajan sa a nan kès li. Li oblije ale nan peyi Angletè pou li prete l 15 milyon sa a. Nou wè byen sak pase. Akoz Napoléon Bonaparte pèdi lagè nan peyi nou tout la, li oblije vann tout kantite tè sa yo pou 15 milyon.
Men sak pi rèd la meriken pa janm di nou MESI, okontrè yo pran 60 an pou yo rekonèt endepandans peyi nou an.
Pèp ayisyen, jenès ayisyen louvri liv istwa nou. Chache enfòmasyon, n’ a jwenn plis bagay toujou pou montre nou poukisa tout peyi sa yo pa jann renmen nou.
Pèp ayisyen, jenès ayisyen pa bliye La France pèdi lagè a.,men yo oblije nou peye yo pou yo rekonèt endepandans nou genyen ak fòs ponyèt nou..
17 OKTOB 1806
Lendepandans pwoklame nan vil Gonaïves 1er Janvier 1804 . GRAN FET TOUPATOU.
Men tout jeneral yo kite sou kote Dessalines la vle tout pou yo. Konspirasyon sou konspirasyon. Boum 17 Oktòb 1806 mesye yo asasinen Dessalines Nou tout konnen poukisa. Gade Pon Wouj.Depi asasina sa a mesye chef ki pase nan tèt peyi a kite memwa lanperè nan labou santi. Kochon , kabrit ak tout lòt nou konnen yo ap viv ansanm ak lanperè a.
Eske asasina Dessalines ranje afè mesye yo ? Nou tout gen repons la ki klè kon dlo Kristal. Batay, batay tout lasent jounen. Boum 1915. Gouvènman meriken ki t’ap chache yon okazyon jwenn li
Pèp ayisyen, jenès ayisyen eske 19 an okipasyon meriken an ranje tout bagay pou nou ? Chak mounn , chak ayisyen dwe reflechi byen. Chak ayisyen dwe tire konklizyon pa li. Men atensyon : gouvènman meriken pa menm ak pèp americain. Pèp américain menm jan ak pèp ayisyen se bon mounn , bon bagay.
10 Me 1950
Apre meriken yo pati men yo kite yon lame ki sèl mèt nan peyi a.
16 daoût 1946, eleksyon 2e degre mennen DUMARSAIS ESTIME nan tèt pouvwa a.
Dumarsais Estimé sete yon VIZYONE, yon RASANBLE, yon LIDE tout bon vre. Estimé rele milat yo, boujwa yo menm jan ak pèp la nan pouvwa tou nèf la.
Ayiti te dwe peyi meriken 5 milyon dola. Prezidan Estimé voye yon delegasyon nan Washington pou negosye pèman dèt la. Gouvènman meriken refize negosye. Li mande pou nou peye tout lajan an nan yon vesman oubyen y’ap toujou kenbe finans peyi dayiti anba ponyèt yo.
“ HEUREUX MECOMPTE “ se de mo siblimm, 2 mo istorik sa yo prezidan ESTIME te di.
ESTIME kite yon LIDE ( leader ) estraòdinè pwononse yon diskou san parèy. Tout ayisyen kanpe : peyizan, nèg nan bouk, nèg lavil, menm boujwa yo pote kole , pote kontribisyon pa yo: 1 kòb , 2 kòb , 5 kòb, 10 kòb, etc, etc. Tout moun kontribye. “ Payons la tutelle finançière… payons les 5 millions “. Gade non : MACH RASANBLEMAN nan tout kwen peyi a : andeyò tankou lavil .
Avèk mouvman sa a , Ayiti te vinn jwenn prestij li, fyète li, respè li toupatou. Men……
Ayiti ak lidèship DUMARSAIS ESTIME peye 5 milyon dola tengtengendeng, voup vap. Pèp ayisyen, jenès ayisyen mwen pa gentan ase pou mwen ta ekri jan pèp ayisyen te santi yo fyè, te santi yo gran. Nou te mache ak tèt nou byen wo, byen dwat Yo te rele ESTIME : TITIME.
Apre sa, Titime kòmanse mete pwojè deyò : PELIGRE , BELLADERE , LOUVRI LEKOL TOUPATOU,, PON nan rantre JEREMIE. Pi gwo realizasyon an se BICENTENAIRE Port-au-Prince. Inogirasyon Bisantnè a fèt nan lane 1949. Depi lè sa a touris kòmanse rantre nan peyi a. Ayiti te rantre tout bon vre nan kat mondyal la. Tout peyi te bezwen vizite Ayiti.
Men atansyon, mesye ki fè sèman pou Ayiti pa janm avanse bay TITIME yon koudeta nan dat 10 Me 1950. Nou kapak mansyone : Majò Paul E. magloire ak tout lame yo a, nou jwenn ankò mesye boujwa yo ak tout anbasad meriken. Yo met ansanm e yo twe tout ESPWA pèp ayisyen.
Pèp ayisyen , jenès ayisyen nou dwe resisite DUMARSAIS ESTIME.
Depi dat 10 Me sa a peyi dayiti ap degrengole, l’ap desann ak tout vitès nan presipis.
Plis mesye yo ap òganize eleksyon, plis ayiti ak tout pèp la ap desann nan presipis, nan fè nwa, nan yon twou byen fon.
Depi apre 10 Me 1950 nou gen yon bann ak yon pakèt mounn san VIZYON k’ap pase youn apre lòt nan yon pouvwa ki chita nan koripsyon, nan krim, nan devègondaj.
Eske jodi a zafè ELEKSYON y’ap pale yo ap fè bagay yo chanje ? Poukisa kominote entènasyonal la cho konsa? Eske se pa yon lòt okipasyon pi di , pi rèd y’ap prepare? Eske esklavaj la pa dwe fini pou pèp ayisyen an? Eske nou pa wè se nan betiz mesye yo ape pase pèp ayisyen an ? Poukisa mesye anbasadè yo tout lasent jounen ap pran lapawòl ? Eske se diplomat yo ye ?
Kite nou repete : peyi les Etats-Unis, peyi Canada, peyi la France ak tout lòt yo byen òganize, byen estriktire. Men poukisa yo pa ede nou mete bon òganizasyon, bon estrikti lakay pa nou ? Eske se sistèm esklavaj la yo bezwen kenbe pi plis lakay nou ?
Politiciens de mon pays: n’avez-vous pas honte ?
Ayiti bezwen yon gwoup RASANBLE, yon gwoup PATRIYOT, yon gwoup VIZYONE pou pran direksyon chak depatman jeyografik peyi a. Chak depatman genyen resous pa li. Chak depatman jeyografik genyen mounn ki gen bòn volonte ladann. Chak depatman genyen yon bann ayisyen byen prepare k’ ap viv nan dyaspora a e ki deside retounen pou met men ak s ak andedan yo pouf è chanjman total kapital, chanjman radical, chanjman nèt al kole nan òganizasyon, nan estrikti peyi a, pou AYITI, peyi nou tout la vinn yon peyi tou nèf ak yon ESTRIKTI ORIZONTAL .
Avèk ESTRIKTI ORIZONTA L la
1 .- Afè okipasyon peyi a ap fini tout bon ( okipasyon 1915 , 1994 , 2004 jis jodi a )
2 .- Koudeta ap kaba paske pouvwa ap pataje. Li pap nan men youn sèl moun men l’ap nan tout 10 depatman jeyografik peyi a.
3 .- Ekzil volontè oubyen envolontè ap kaba tou. Tout ayisyen dwe rete lakay yo lè yo fini sèvi peyi a menm jan sa fèt nan tout lòt gwo peyi yo.
4 .- Pwogrè ap fèt pi rapid paske chak depatman kapab estimile, kapab ankouraje vwazen l oubyen rejyon l san pwoblèm
5 .-Peyi etranje ap sispann rantre byen fon nan politik enteryè peyi a. Anbasadè pap gen dwa lapawòl tout lasent jounen
Pèpa ayisyen, jenès ayisyen peyi pa nou tout la : REVEILLEZ-VOUS ! Armez-vous de COURAGE de nos ancêtres. Utilisez votre CERVEAU ! ORGANISEZ VOS RENCONTRES.
Pèp ayisyen . Jeunesse Haïtienne la victoire finale est à VOUS
JEUNESSE HAITIENNE la DECENTRALISATION DU PAYS est l’unique salut d’HAITI
VIVE HAITI POUR TOUJOURS
Chesnel Phanord
79an 9mwa
24 Septembre 2010