share twazan

 

    GONAYV.COM        

EVOLUSYON SHARE

NAN VIL

GONAYIV

Depi twa zan, nap travay pou mete

yon esntitisyon nan vil gonayiv

ke nou batize sou non SHARE

pou ki fe selman 2 bagay .

1-Yon pon pou konekte tout moun nan diaspora ,

ak yon  travay   direk  nan vil-la  .

2-Kap ede ankadre  kek ti moun,

kap bay fomasyon sosyal ,

kap fome moun sivikman e

kap envesti nan sosyete-a.

Malgre tout difikilte ke nou rankontre,

tankou fe tout moun konpran

byen lide nou vle pataje-a, jwen lot moun

pou nou fome komite pou dirije vizyon-an.

Li pa fasil ditou senpleman pou zafe entere pesonel.

Depi moun-nan pa genyen twop entere nan sa wap fe ya,

kel ke swa sa wap fe,saw vle fe, e sa wap eseye fe,

yo deside pito pa patisipe.

 Men tout difikilte SHARE genyen, ni a l’etranje ni An ayiti.

Mwen konpran’n sa, e se sa ki fe mwen pran tan

pou’m chwazi moun tankou Met Panel Denis,

Joachim Dickens,Dr Joachim Joseph Benoit,

Me Chesnel Phanord, Moun tankou

Mr Guy Sarazin, Pere Dieudonnee, Reginal Pierre

, Mr Demangles Wessman,Carl Auguste,

Me Marc Henry Moise, ak  Anpil lot

moun anko, Nou deside pou SHARE byen AVANSE.

 Si plan an trase deja, si bezwen- an la deja,

si jodi-a tout ti moun yo la ap tan’n nou.

Donk sa prouve nou ke pwoblen-lan

pa nan ti moun yo. Se model yo ki pat bon.

  Men nou ran’n kont ke travay nou vini pi enpotan toujou

. Se le nou we ki kantite moun ki ta dwe konpran’n

ki ta dwe avanse avek nou,

ki ta dwe rekonet ke misyon nou se bay,

ofri, pataje ti sa nou  genyen ak ti moun.

Se  sa Selman ki fe nou diferan,

se pa pran nou vin’n pran

Se ti sa nou genyen nan tet nou nap patajaje

. Se sa ki fe, menm le ou lague nou kontinye.

Plas ou toujou rezerve yon fwa ou

byen konpran’n misyon  SHARE se pataje.

  Anpil zanmi, fem enmi,pou gran mesi,

yo kanpe lwen,yap tan mwen pran eckek.

Senpleman pou yo ka gen rezon.

Mwen chwazi pito bay tout timoun rezon a chak fwa

, nou reyalize event sa yo, ki fasilite

nou we konbyen ti moun kap tan nou,

menm le nou refize jiska prezan avanse.

SHARE ap di nou, pa rete gade,

an-nou avanse e bon fet Nwel

ak Fen d’Ane,nap tan ou Premye Janvye.

Nan non tout volontè ,

nan non tout lot manb ,

nap di ou mesi.

 

Francois Joachim Dessalines

Manb Fondaté Mouvman-sa-a.