sim tap pale 2

 

    GONAYV.COM        

Jody-a, ta dwe pito pou nou tout yon dey nasyonal

, yon jou pou nou reflechi ansanm,

pou nou la prye ansanm, jiskas ke nou jwen ansanm

ti kal konsyans ki egzyste la kay chak nou menm.

Ann pwofite ansan’m pou’n gade eta tet nou,pandan

ke nap poze pwoblem peyi-a

  • Nou genyen pwoblem moun .E sa montre
  • kle  enkonpetans anpyl moun
  • ki nan nivo adminystrasyon yo.
  • Nou chwazy militans olye de konpetans.
  • Pwoblem movez ledikasyon ak fomasyon,
  • vini ran nou egoyis,
  • Nou toujou ap goumen pou nou gen plys
  • ,e nou pa janm
  • aprann panse pou yon gwoup moun an jeneral.
  • Yon movez Pratik nan fason nou fe 
  • polityk, fasylite nou kraze tet nou,
  • kraze tout sa nou posede,
  • E menm sa zanset nou te kite ,
  • nou detwi, nou touye  an pansan ke  se pou
  • moun sa-a  nou di ke nou  renmen .
  • Nou pa kreye filozof ak pwofesyonel,
  • sa vle di menm le nal lekol,
  • nou manke kapasyte pou nou panse,
  • pwodwi e pwograme, nou pa konn planyfye.
  • Anpyl move lyde, itylyze inyorans
  • ak povrete pou manypile
  • tout tan yon gwoup de moun
  • pou kraze bryze pou yo.
  • Mize, jalouzy, inyorans ak politik
  • ran nou pi divize pandan
  • ke nou kreye yon fo pwoblem
  • klass nan peyi-a pandans
  • ke nou te dwe senpleman
  • reoganyze sosyete ayisyen’n nan.
  • An nou redefini tet nou,
  • E konbyen klas nou vle nan sosyete-a.
  • Pa genyen pyes fason nou ka demare kom pep,
  • si leta pa krye mwayen pou fasilyte
  • sosyete sivil-la mete travay nan peyi-a.
  • Nan ka kontre- leta tou nan repare, nan konstwi,
  • ka ofry kek pwogram pou fasylite moun travay.
  • Nou refize respekte dwa ak devwa yon lot moun,
  • nou vyole pwop kostitusyon peyi nou.
  • Nou kreye kryz tout tan pou
  • Selman defan entere pa nou.
  • Nou tout ran kont ke nou enkonpetan,
  • e nou kwe nan etranje pou netwaye lakay nou.

 

Rezilta tout pwoblem sa yo an verite se Ayiti jody-a.

Ni mwen ni ou, nou tout fe pati de pwoblem yo

Mwen konnen mwen pa pi fo pase nou, men mwen anvi eseye.

Nou refize ban’m chans paske nou tout se victim

de yon move system ki etabli nan peyi-a depi plis ke 200 zan.

 

Frem ak Sem, Aysyen tout patou,

nan okazyon sa-a 210 lane endepandans

, Ann pran tout lane-ya pou nou reflechi ak konsyans

, jiskas ke nou fe de endepandans-nou yon moman,

yon act, yon histwa ke nou pa dwe janm blye.

 

Sel fason ke nou ka fe sa se le nou

tout rekonet tout bon vre ke nou se ayisyen,

nou pale ,manje ,travay ak panse tankou ayisyen.

E se nou menm sel ki ka rezoud pwoblem peyi d’ayiti.

 

Nou bezwen la pe, linyte, ak konsyans,

nou bezwen travay, ledikasyon,

santé ak volonte pou’n demare.

Pa blye Ayiti byen lontan

ap tan  nou tout e sa f deja 210 lane.

 

MESI !