tonton nwel dim ki le

 

    GONAYV.COM        

TONTON NWEL DIM KILE

 

Ki le na sispan goumen pou jete gouvenman

Ki le na travay pou nou fe yon bon chanjmam

Ki le nan sosyete la kay, na jwen lekol ak travay

Jous kile nap sispan  touye ,soufri ak pase tray

 

Pe letenel  ki  le, wap fe nou  jwenn yon bon lyde

kap panse,kap  trase  bon chemen travay

Ansanm ak tout lot, zanmy , fre ,se  ak tout pitit la kay

Pou ede peyi nou avanse ,demare ou soti  anba  pay

 

Jous ki le  TonTon Nwel , moun  lakay ap sispan pase tray

Nan ale cheche travay, sou teren  vwazen  bo lakay

Ki le nap sispan tout divizyon ki anpeche’n  travay

Ki le nap komanse   Mennen ansan’m yon sel batay   

Pou defan’n  yon sel koz, yon sel entere, yon sel avantaj

 

Ki le nap chwazi   retounen bo- lakay  pou  nal  travay

KI le ansanm nap aksepte kanpe pou’n  leve men chay

Pou ede  pitit Ayiti  , sispan  vini  lot kote pou pase  tray

Pe letenel, sil vou ple dim ki,le . E edem we kle

Montre ‘m chimen, E ban’m  limye pou’m ka we pi kle  .

 

Ki le nou ka chanje lakay, ban’m mande tonton Nwel

Ki le fet tonton Nwel ,pou tout timoun ki anba twel

 

Francois Joachim 12/19/2013

 

 

kom si ou pa we