jeunes leaders

valeurs

Promoton Gruit

NOUS

 

 

 


AUTOBIOGRAPHIE

Francois Joachim ( Dessalines )

10 ans pou Gonayiv.

Read more  

 

Francois Joachim Dessalines

2004

Depi plis ke 10 ans , ou depi 2001, mwen chwazi bay patisipasyon ‘m nan travay pou chanje kondisyon sosyal vil Gonayiv.Jis  pou’m fė yon ti Diferans nan la vi kėk ti moun . Nou sonje nan lane  2003,se te batay kėk moun nan vil-la( Raboto ) kon’t system lavalas- la- pou enterė pa yo. Se te yon batay ki te chanje tout direksyon Gonayiv.

Te gen anpil move zak dechoukaj, abi fisik ak seksyėl, kraze brize touye ,vole ak machanste. Gonayiv depi lė sa-a pėdi tout eskanp figi’l. Deven’n pa nou an 2004 nou frappe avėk yon lòt katastròf natirel “Siklon Jan “ ki li men ran la vi chak moun vin pi difisil toujou.

De evenman sa –yo fė  gwo enpak sou sosyete ya, e sou chak moun an patikilye . Kondisyon difisil  la vi-a  rann preske chak gonayivyen vini rete poukont li yon Fighter

Katastrof 2008 yo, Ana Ike ak Gustav vini agrave sityasyon- yo plis toujou . Yo vin fė tout lòt moun yo kwė  li nòmal pou yo fė nenpòt bagay. Yon fwa se pou ka jwen moso manje paw’-yo – wa . Mwen pale avek nou konsa, se pou’m ka fė nou wė klė  rezon sa -yo ki koz sosyete ya chanje. E li chanje tout bon vre.

Chanjman sa yo  fė gwo enpak sou la vi chak moun nan vil-la. Li vin ran prėske tout bagay enposib,li vin kreye plizyė lòt tandans nan lespri-nou. Nou vin tounen yon group moun kap chėche tout tan e tou patou. E sa ki pi rėd-la, sanble  nou pa menm konen ki sa nap chėche-a.

Nou pėdi idantite nou !

 

 

Francois Joachim Dessalines

Prezidan SHARE (Societe Haitienne Artistique Rehabilitation Enfantine. )

Miami 786- 326-7607

Haiti( 3413-0093)  (3432-4933) (3745-6023 )