HOME


MISSION

ABOUT US

CONTACT US

NEWLINK

 

francoisj20@bellsouth.net

PHONE 786-326-7607

 

 

 

 

 

AN NOU GADE SOU GONAYIV.

An nou gade ansanm rezulta yon travay ki pozitif

Nou sonje ke mwen te di nou nan denye rapo’m

Mwen te voye banou sou entenet , ke mwen sot

Fe de mwa an Ayiti e mwen retounen nan jou

Ki te 18 Novanm de mil dis- 10 jou avan eleksyon-yo

Nou sonje tou, ke mwen te pale nou de jonen inoublyab

Se paske mwen te satisfe anpil de travay ak mesaj

ke mwen te bay tout moun Gonayiv nan okasyon sa-yo.

Nou te fe plizye reprezantasyon ,nan radio vizyon2000

Nou pale sou plas public,nou pale nan radio Etincel

Nou reafime pozisyon nou yon lot fwa avek Moumou

Nou pale nan de okazyon pou Charles Henri Baker

Nan Domaine Night club , nou fe tout moun poze

Sou plas boutey nan Gonayiv, se te tet chaje

Mwen te di tout moun Gonayiv, zanmi’m ak fre’m

ke mwen retounen nan vil –la

Pou mwen bay patisipasyon- mewn e pou nou chanje

Sitiasyon malonet ke nap viv-la jodi-a.

Mwen te di yo ,mwen retounen se paske mwen bouke

Pran desepsyon nan men lot moun,selman paske

Mwen se moun Gonayiv.E kel ke swa efo map fe

Nan vi mwen,yo toujou relem dechouke.

Mwen te bayo egzanp tou de bagay pozitif sa -yo

Yon sit entenet pou Gonayiv depi 2006

Pou fe moun lot-bo konen ke nou ka fe bon bagay tou

Mwen reyalize 5 dokimante pou vil- la

Mwen te kon depanse kob mwen pou’m

Selman pale de Gonayiv nan zon ke map viv- la

Mwen se Premye baskete Olympic vil-la 1978

Mwe bouke pran desepsyon paske nou menm

Depi 1986, politisyen-nou yo itilize-nou

Pou enteret pa yo, Yo fe nou kraze brize

E yo fe nou detri menm prop fanmi- nou.

Ane sa-a nap voye yon mesaj-ba yo

Nan Gonayiv. Nou fe politik yon lot jan

E se sa ki fe Gonayiv jodia rete tet poze

Nou pa vle peson vin bafre nou anko.

 

Nou pa remake se sel nan Gonayiv

Ke tout candida yo te gen chans pase

Pou mennen kanpay-yo e san violans

Si yo te entelijan depi le sa-a

Yo ta dwe kompran ke vil-la chanje

Men se pa sa yap gade e se pat sa yo te vle

Nou te propoze-yo, pou yo te vin pale

Ak nou sou bezwen- noun an vil-la

Problem ke nap viv chak jou nan Gonayiv

Kolera- grangou- travay ak edikasyon pou pep –la

Nou te ofri- yo tout vin pale ak –nou

Yo te vini-wi men se zafe pa yo

Yo te vin okipe, yo pat kompran mesaj-nou.-yo

Nou fe politik ,yon lot fason

Nou sispan kraze, nou sispan brize

Pandan lot yo ap detwi tout vil yo

Nan moman-sa-a nou envite-ou reflechi ak nou

Pou ansanm –nou ka jwen yon bon

Solisyon pou retire peyi-ya nan

Gagot politik-sa- a .Nou felicite tou moun

Gonayiv pou kouraj-yo, pou kompreansyon-yo

E pou proteksyon yo bay vil-la

Nap di yo veye , pa rete ap domi

Rete pito motive, pou nou ka motive lot moun

E fe yo kompran tou ke Ayiti se peyi pa-nou

Li vo plis rekonstwi-l ,ke kraze’l

Nou konen ke nan yon panye zoranj

Ka gen kek grenn ki pouri. Men jiska prezan

Nou tout fe prev ke nou komprann mesaj-yo

Gonayiv rete anko trankil e se sa nou vle

Nou banm rezon, Ayiti ka chanje

Men Chanjman-an dwe komanse

Avek ou menm e bo lay ou

Nou di BRAVO tout moun Gonayiv

Kenbe pa lague- an nou kontinye reflechi ansan-m

Pou nou jwen yon meyê solisyon

Pou libere Ayiti apre 207 ane endepandans

Dessalines Joachim

12-12-2010

Read more