Eden konprann

 

    GONAYV.COM        

EDEM KONPRANN

 Me zanmi edem konpran,

Poukisa andan peyi d’ayiti e tout kote nou pase

Depi apre douz Janvye ,koule tout ti ayisyen chanje

Anpil ti bebe, nan tout andeyo, je vet ak cheve syre

Piti’ t yon sé, yon kouzine, nou tout neglije.

Edem konpran

Depi apre premye janvye 1804, nou te deklare lybete

Ayiti pa jan’m ka retrouve  trankilyte ak estabilyte

Poukisa menm jan ak tout peyi , lot kote

Eleksyon lakay pa jan’m ka bay lyde ki gen kalite

Si nan tout lot peyi etranje,Eleksyon fe yo mete

Bon gouvenman,bon prezidan ak enstitusyon

Lakay eleksyon se pou trouble la pe, se pou’n rete divize

Se pou ankouraje tout enstabilyte,pou nou ka kraze ak touye

Edem konpran

Pouki sa zot chwazi voye retounen la kay

Aristid ak divalier avan menm yon eleksyon

Kote pep ayisyen tap mande chanjman san kondisyon

Tout move dirijan ,lyde ak klass politik pou yo konveti

Se pat sa- yo te espere, zot,tap tan nou tout revolte

Minustha te deja byen kanpe,men se pat sa Bondye te vle

Ede’m konpran

Kel ke swa prezidan ak gouvenman ki monte

Ayiti toujou genyen kryz pou’ l jere.

Kom si dire, lakay,  se sel kote , la lwa tout peyi aplike

Men yon fwa se pou nou rete divize

Edem konpran

Defet madanm Manigat, Edem we kle nan dosye jodya

Edem konpran manda kont Aristide,Duvalier ak  Preval

Nan moman ke zot ap bay presyon pou kontinye

Fe move eleksyon pou mete troublay nan peyi d’ayiti.

 

Edem konpran

Apre tout kob kite ramase, le 12 janvye te pase

Ki kote yo pase e ki yes , kitap  ramase.

Kote plan ak proje maggouye te trase

Pou te ede Ayiti Demare, Edem konpran ki kote sa prale.

 

Pep ayisyen, pran san nou, an nou rete tet poze

Pou’n apran tolere, menm le nou pa ta vle

Pou’n pa janm okazyone ou bay opotinyte

AK zot Ki ta vle toujou  fe’n mechanste.

 

Francois Joachim Dessalines

 

Dim ki le