Model majistra

 

    GONAYV.COM        

MODEL YON MAJISTRA

Yon majistra ta dwe yon model

Se pa yon nom ki la pou  fe wel

La ta dwe yon moun ki gen fyel

E Fok li pa mache tout tan sel

Yon neg ki ta dwe chaje ak konpetans

Yon moun tou ki pa nan rans

Li ta dwe yon kominikate ak pesistans

Yon lyde e yon oganizate plen konpetans

Yon bon kontrole, men fok li pa vole

Yon neg ki gen bon karakte

E ki ta dwe rekonet nou tout kom fre

Yon neg ki kwe nan tet li e ki konn pase lod

Yon neg kap fe nou tout mache san dezod

Yon neg kap met tout vole anba kod

Yon bon majistra ta dwe yon neg ki gen vizyon

E ki chaje ak bon ankadreman e relasyon

Yon moun ki  renmen sansibilizasyon

Ki ofri tout tan yon pwogram proteksyon

Yon bon majistra, ta dwe yon bon lide

Ki konn jere, kreye, analyze ak sipowte

Yon bon chef ki konn pran konsey,

Ki konn poze, ak reponn  kesyon

Ki bay bon eskiz , E  jwenn bon repons

Menm ak tout move kesyon.

Yon bon majistra dwe pwop tout tan

chaje ak bon konpotman

pou jwe wol li tout tan

premye sitwayen reprezantan

son personalite ki ka poze aksyon

ki baze sou bon plan .

 

Francois Joachim

Community organizer  

 

Edem Konprann