MISSION

ABOUT US

CONTACT US

NEWLINK

 

Dessalines@gonayv.com

francoisj20@bellsouth.net

PHONE 786-326-7607

 

 

 

 

 

 

 LA POLIS

 Bravo, jodi-ya nan Gonayiv, La Polis se sel enstitisyion leta ki montre yon volonte de patisypasyion ak chanjman nan sosyete-ya. Si y opa pwodui plis toujou, se paske ofisyel nan Gonayiv-yo pa  pwan responsablyte-yo  pi yo travay pibyen toujou. E enkonpetans-yo reflete sou la polis –la.. Magret ou gen kek bagay nou we ke la polis- la  nan Gonayiv te kapab fe sutou nan zafe sikilasyion nan lespy de mete lod nan dezod. Se yon dwa rezeve ke la polis-la genyen poul ranfose tou lwa kap pwoteje popilasyion-an.

Men nou konen ke polis-la tankou tout enstitisyion yo  pa gen ase fon pou yo fe travay ke yo merite. Nou ka pab chanje sitiasyion sa-a si

1-La polis- la dwe kontrole ak ankadre sikylasyion Moto yo nan Gonayiy.( mwen ekri déjà Yo pwojet sou sa) lap bayo kat idantite- la polis ap envesti nan zafe inifom pou –yo. La polis ap fe lekol pou motre moun kondwi. Se fason pou la polis-la fe kob

2)La polis ta dwe bay pou lajan yon lisans ak tout moun ki vle fome yon ko prive ak teknic san zam pou ofrri sekirite nan vil—la suivan regleman ke la polis la li menm ap enpoze.

3) La polis kapab ansanm   ak lakomin travay nan yon pwogram bel rantre pou vil –la, kote chak machin kap pase dwe peye yon fre kap rantre nan lajan reparasyion vil- la

4) LAPOLIS dwe ede lakomin a ranfose lwa kominal yo. La komin tou dwe peye la polis-la suivan total kontravansyion ke lapolis la bay moun kap fe dezod e kip a respekte lwa-yo

5) La polisla ta dwe itilize prizonye-yo pou yo  fe kob pou enstitisyion-an . Suivan pinisyion krim ke prizonye-a fe mennen li al kraze roch sou mon nan . E ke la polis ap van bi bon mache ke lot moun yo

6) La Polis-la dwe genyen yon fon spesyal. Kote tout moun dwe ede  ak volonte pou yo bay la polis-la ti kob pou ede enstitisyion-an. Sa fet tout kote.

 Tout pwogram sa yo ape de enstitisyion-an amelyore sitiasyion ekonomic li , poul kapab ofri pi bon sevis ak popilasyion-an.

 

LA KOMIN

 

      1-       Dwe taxe moun kap van nan mache-yo, moun ki vini van nan vil-la

2-  Dwe bay pemi ak moun kap kostwi nan vil

3-   Taxe moun ki lague bet nan vil-la

4- Taxe moun kap ililize byen la komin

5-  Taxe tout lekol-yo

6- Taxe tout biznis-yo

LAKOMIN, dwe fe plis mache nan vil-la, ofri plis pak pou ti moun yo jwe. Dwe fe pak kominal pou mete bet ke yo sezy.Envesti nan pwogram kiltirel pou sosyete-ya. Envesti nan pwogram kompetisyion pwopte pou vil-la

 Si majistra –yo eseye Selman mete sa-yo an aplikasyion, Lakomin  ap bay travay, la komin ap kreye anbyans e yap  fe kob pou devlope vil-la.

 

                                                         DESSALINES JOACHIM

                                                         06-16-2008

 

PEOPLE ORGANISATION Photos

 PLACES

  Nouvelles . My View Sponsors