neg dayiyi

 

    GONAYV.COM        

 

NEG PEYI D’AYITI

Fok nou fe neg pye ate yo,

 goumen ak neg ki gen soulye yo

Fok nou asyre-nou  tout tan

 ke yap goumen antre yo chak jou

Sel fason nou ka gen predominans nou

Sou ti peyi Neg sa-a , Ayiti

ki  pran endepandans-li pa le zam.

 

Batay divizyon pou elymine fos linyte Ayisyen

Ki te  ran nou fo kom neg ki endepandan

 komanse nan Neg Potoprens, neg provens

Nan potoprens, se neg Petionvil- Neg Belai

Neg kafou! Neg Bizoton, Neg Lalu

Nan provens, neg la vil ak neg andeyo.

 Sil te sa selman nou tap genyen yon chans

Men li pral kontinye pi red, nan ckak vil

Yo pwal gade pitit ki moun ke ou ye

Ou byen nan ki katye ou soti

Pou yo ka determine ki tip neg ou ye

Neg anho, Neg anba,neg raboto, neg dekao

Neg Gonayiv,neg okap, neg jeremy

 

Divizyon blayi nan tout ensitusyon

ki ta dwe ran nou fo

Sotou nan system ledikasyon nou ,

depan ki kote wal lekol

Kay fre, kay me, lekol leta,

lekol akoyo, lekol boureli

Wap jwen yon fomasyon

ki depan de pitit ki moun ou ye

Ki es moun ki fanmi'w

ou nan ki ras ou soti,

ki  moun ki paran ou, e  ki moun ou konnen

 

Si divizyon-an te rete an Ayiti Selman

Nou tap gen chans pou’n sove tout ayisyen

Ki te desyde kite peyi-a, kel ke swa tip de neg yo ye

Li la pi red, Neg andedan se ayisyen legal

Neg deyo se Dyaspora fatal ,menm le yo te

Pran nesans nan peyi d’Ayiti

Sel peyi Neg, endepandan nan mond-lan.

Sa vle di tout neg  ki se Ayisyen,se neg-d'Ayiti.

 

Depi se kote Ayisyen ap evolye,

Fok ou jwen yon grenn Neg  ki diferan

Ou pa fouti jwen de neg,Ki nan menm ran

Sil pa yon- neg milat, li se yon neg nwe

Sil pa yon neg Makout, li se yon neg Lavalas

Sil pa yon neg lespri, li se yon neg sot

Sil pa yon neg eklere, li se yon neg abitan

Sil pa yon neg potoprens, li se yon neg provens

Si te pa yon neg lavil, se yon neg andeyo.

Si ou ta desyde al pi lwen,kom neg d’ayiti

                  Kel ke swa direksyon ou pran nan la vi’w                    

Si’w pa jwenn yon etranje trete’w tankou neg

Paske yo rekonet,vale’w ak lespri’w.

Yo ta prefe di’w ke neg sa-a panse tankou blan

Tan pou yo ta di’w ke neg sa-a genyen lespri

 

 E pa etone si ou rankontre ak yon NEG

Ki pa vle trete’w jan Li ta renmen ou trete’l

Li pa jan’m vle rekonet konptans ou

kel ke swa Sa ou reyalize nan la vi-ou.

Se pa fot li s’il pa ka we ou pi byen,

Li senpleman, gade’w tankou yon neg.

kom si dire ou ta yon neg nwe, ou yon neg sot

 

Si ou ta gen chans nan la vi'w

pou'w son bon grenn neg

neg konpetan,neg lespri neg ki pa nan djeg

Wap jwen yon lot neg kap diw toutan :

Neg sa-a kon se yon afe li ye.

E se konsa wi neg  la ka komplimante’w

Men li pap jan’m dako ke ou Neg pase-li

An verite nou tout se Neg ! Melerezman

Depi nan lesklavaj, neg pa janm vle we Neg

Esklav ann dan kay, se bonn ak restavek

kap pase lave kay ak asyet

Esklav sou chantye,se neg nwe kap travay la te

Neg bosal kap viv, nan la mize

An verite nou tout se neg,men nou tout pa menm .

An nou apran'n viv, panse, reflechi

tankou yon bon grenn  neg

Dessalines Joachim Dessalines

8-12-2013

NOUS