L
 

 

 

MISSION

ABOUT US

CONTACT US

NEWLINK

Dessalines@gonayv.com

francoisj20@bellsouth.net

PHONE 786-326-7607

PREMYE

JANVIE 2014

 

 

Dr

Marc Antoine Joseph

12429 West Dixie Hwy

Miami FL

305-981-7658

 

ESKE NOU KONEN POUKISA YO TOUJOU DI

SE DEPI NAN GUINEN KE NEG PA VLE WE ,

Se pa fot neg, divizyon nou komanse de pi nan lesklavaj. Se paske nou te gen diferan tip de patron kite met nou.E chak patron sa-yo te men-nen group esklav pa li nan fason ki te bon pou entere-l..E pi tou, la vi moun sa yo te reflete sou nou menm neg esklav.Men jan te genyen gran blan, pti blan ,ak blan mannan. Te genyen tou neg lakou, neg andan , neg patwon, e neg esklav.un nan bagay ki te pi difisil pou yon esklav nan epok sa-a ,se te evite pran kout baton nan men met –li . Li dwe travay tout tan pou’l jwenn manje E fe tout efo posib pou’l rete vivan. Nan ka sa-a yo, yon esklav apran fe nenpot manti, nenpot mal. Yo apran tou fe tripotaj e pafwa menm vole kredi yon lot.Se fason sa –yo pou yo te ka montre gran patron-an ke yap fe volonte-li.Move kalite sa-yo swiv nou de jenerasyon an jenerasyon. Se pa san rezon jody-a anko nap we an ayiti ,la kay nou Neg toujou pa vle we neg, neg toujou genyen yon pwoblem avek neg.E nou pa janm akcepte ke yon neg parey- li kapab fe yon bon bagay. Divizyon-an pral plis toujou,se le nou fe gwo frekansyte declare Tet nou kom premye peyi neg ki endepandan nan mond-lan.Nou sonje gen nasyon ki te pran plis ke 60 ans pou Yo te aksepte rekonet travay-sa yo, ke yo te jije ki pat two bon Pou yo nan epok-sa-a. Nou sonje gwo deklarasyon yon ansyen prezidan (FDR) ki te di :’Fok nou fe neg pye a te yo , goumen toutan ak Neg ki gen soulye-yo.E fok nou asyre nou ke neg ki gen soulye yo, goumen antre yo menm tout tan.Se sel fason nou ka gen predomynans nou sou ti peyi neg sa-a ki pran endepandans-yo pa le zam.Sa se yon move egzanp pou lot 26 milyon neg kap viv nan mond-.lan. ESKE NOU PA WE JISKA PREZAN SE REYALITE PEYI D’AYITI?

Men nou pral mande’m kisa sa gen pou’l we avek neg ki pa vle we neg ? Men pou lenmy-an kapab rive fe tout sa li vle, li ase entelijan pou’l itilize yon gren neg.E se gren neg sa-a kap van tout yon nasyon. E se pa san rezon apre endepandans-nou enstabilyte fe nou pran yon okipasyon. E kriz politik, fe nou pa jan’m gen yon peyi kap fonksyone,nou pa jan’m geyen yon sosyete kap reflechi.Nou toujou nan goumen youn ak lot. Malgre tout destabilizasyon anba tab sa-yo. Nou soufri tou ak maladi represyon sou Duvalier,preske 30 ans nan yon lot system de esklavaj mantal. Nou pedi tout dwa de reflexyon nou, dwa la pawol.La anko nou adopte de move prensip tankou bay manti, kout lang sou mou ou pa renmen .Se fason tou pou’w proteje tet –ou anba kout baton makout. Yon lot epok difisil anko, se le nou di nou vle chanjman. Nou dechouke Duvalier san preparasyon pyes lot pwogran.Nou te toujou ap la priye, nou kwe nan bel pawol. Nou te chwazi yon prêt,Menm le li pat gen konesans politik,men o mwen li te ka pab genyen volonte.Enmy-an itilize yon gren neg anko pou destabilize gouvenman-nan.Kryz ak enstabilyte pi red.Kou d’eta. Vyolans dechoukaj ak anbago.Tout sa yo vin ran la mize ak divizyon renye plys nan peyi-a. Malgre tout efo nou fe, malgre tout gro rev ke nou genyen, Ayti peyi -nou toujou tombe nan yon laviron dede. Kel ke swa moun ke nou chwazi ou kelke swa prezidan ke yo banou. Kelke swa gouvenman ki monte.Fok li tombe ou fok pyel kase. Gen moun ki semante pou ayiti pa jan’m demare.E yo kwe : tout tan Ke neg EGZYSTE, Rev pa yo ka Realyze. Se Evite Ayiti Demare. Peson pa jan’m konpran sa-a. Nou di tou , yo fen’n kraze pwop tet pa nou, Yo kraze peyi’n a koz YON MOVE system edikasyon ke nou recevwa. Nou toujou minimize tet nou,nou pa kwe nan moun.Nou toujou ap kompare tet nou. Bagay sa-yo fe Jalouzy grandi nan ke nou. Nou pa jan’m gen kouraj pou nou aplodi. Bat bravo pou yon lot ,sa blese santiman-nou. Nou pa attaché ak pe pap, son fason pou’l pa depase- nou.

Politik , se zam enmy- nou, se yon fason pou kenbe nou divyze. Men jan eleksyon an Ayiti pap janm bay bon rezilta. Se la pou dekouraje nou .Map re afime pou nou tout anko, nan peyi-nou, nou pa gen yon problem politik, nou genyen pito yon pwoblem edikasyon,ak kompreansyon. Nou genyen tou yon pwoblen idantifikasyon. Ki moun nou ye, ki sa nou vle , ki kote nou prale. Sitiasyon nou vin pi komplike toujou se apre 2004 le syklon Jeanne pase. Nan yon sosyete tankou Gonayiv,tout moun dezabiye, tout klass vin efase.Paske la mize fe nou tout tonbe nan menm panye. Pi gro kalot moun gonayiv pran. Leta -te telman neglije’l. Li lini jwe rol premye sosyete abandone. Le sa-a tout moun tap pratike,premye regleman yon gouvenman san plan te aplike” Naje pou soti” Chak gren moun degaje’w jan ou konnen.

An2008 lot katastrof natyrel tankou Ana Ike ak Gustave, kraze eskanp figui chak gren moun, Fwa sa-a la mise fe raj.Leta pi dekouraje tout moun demisyone. Vole vin yon metye, Move zak ,ak bandi tou kote, sosyete-ya vinn pi an danje. E fwa sa menm si ou naje ou pa kab soti. Fok ou apran brase nenpot jan, nenpot koman e nenpot fason. Nou vin pedi tout vale-moral, tout lojik- nou. E nou vin kat fwa pi pesonel .

Anpil lajan envesti pou kenbe nou divize,Nou menm nan dyaspora malgre lajan nou voye. Malgre aksyon ke nou poze.Fre, zanmi ak fanmi yo refize ba nou pase, memn le nap sipowte ou bay manje. Jodia an Ayiti, yon fwa ou te debake nan yon lot peyi,ou se enmy peyi d’Ayiti.Se yon travay edikasyon pou nou ka toujou rete divize. Nou sonje’m te di nou rev pa yo se te fe nou goumen. Lontan se te neg pye a te ak lot ki gen soulye. Jodi-ya se neg Dyaspora ak nek Ayiti. Reyalite-ya telman vre. Paske nou pa jan’m reflechi. Peson paka dim kote Michel Martelly te pase, menm le li te gen yon paspo etranje,

Yo esseye nou déjà e kou –a te rate, men se te mirak bondye, Ayiti te proteje menm le pou te ran nou pi divize. Nan mitan eleksyon demokratik tout bon vre novanb 2010. Yo pote banou Aristid ak Duvalier. Paske yo te panse pep la ta pral kraze. Finalman tout moun trompe, paske yo poko jan’m konpran reyelman ki sa yon Ayisyen ye tout bon vre. Pou’m fini, volonte les zom, se pa volonte bondye. An Janvye 2012 Ayiti te kazre,anpil moun mouri anpil kay te elymine. Potoprins defigire. Le mond antye ap gade. Anpil lajan te ramase. Enmy nou pral profite rantre nan peyi- nou sou non oganyzasyon kap ede moun ki defiguire. AH papa, pa dim pat pale nou. Pi gwo danje sosyal sou Ayiti, se kantite oganyzasyon kap fome,o non de la mize toutt moun ap cheche. Anpil ankourajman tout kote,men se filozofy zot kap aplyke. Fok nou fe anpil atansyon pou two ta pa bare nou. Paske nou pa konnen reflechi. E chak fwa nou pa vle we yon neg,se ak yon Blan nap van peyi d' Ayiti.

Mezanmi an nou edem apran reflechi.

Sim manti dim manti

Travay edikasyon sivik

Francois Joachim Dessalines

 

Francois Joachim (Dessalines)

Directeur (www.gonayv.com)

Produceur(Cyclone Jeanne 2004- Gonaives etat d’urgence 2006

, Gonaives the doom’s city 2007- Gonaives en Peril 2008 -

Le cote social de la ville des Gonaives2010- Gonaives la ville d’espoir 2011

Fondateur de (SHARE) Societe Haitienne Artistique Rehabilitation Enfantine.

PHILOSOPHIE DE SHARE

 

LES PHASES DE PREPARATION

PROGRAME D' EDUCATION SOCIALE

PLANIFICATION DE SHARE

membres

officiels de SHARE

 

PEOPLE Organizations Photos
    RELIGION