sim tap pale

 

    GONAYV.COM        

 

Sim Tap pale pou  prezidan  Martelli,

men sam tap di pou PREMYE JANVYE 2014

 Nan okazyon 210 lane endepandans peyi d’ayiti.

Yon fason pou’m te ka leve moral

,diyite ak fyerte tout nasyon-an

. Li pa tap neceseman yon diskou pou’m van

ou prezante tet mwen kom PREZIDAN.

De preferans li ta pito yon okazyon pou’m

drese yon  meye tablo de peyi d’ayiti.

Yon tablo ki te ka fasilyte nout tout ayisyen

konpran tout pwoblem ke nap traverse

andedan sosyete ayisyen-nan,

e  ki anpeche nou avanse  tankou tout lot nasyon.

Se yon tablo ki te kap tou nwa, yon tablo trys men yon tablo

ki te ka fe nou we tet nou py byen nan sosyete Ayisyen’n.

E poun’n ta  byen gade imaj-sa-a ,

nou pa tap neglije poze kestyon sa-a,

a chak grenn ayisyen ki gen ckans gade tableau-sa.

“ Nou ta  renmen avek konsyans ou gade

tout sa ou fe kom yon sitawen,

kom yon responsab, kom yon otoryte,

kom yon lyde politik,

kom prezidan yon oganizasyon,

. politik,sosyal ak relijye

enfen kom pep ki banou  Ayiti nou genyen jody-a.

Apre 210 lane ke nou te deklare tet nou endepandan?

Ki sa ou menm ou panse de peyi-paw-la,

de peyi ou renmen-an.De reyalite wap viv jody-a ?

Malgre tout trystes nou genyen nan ke nou kom ayisyen.

Le nou sonje ki kantite pitit peyi-a ki

te mouri nan mwa janvye2010.

Le nou gade ki kantite oganyzasyon entenasyonal

ki anvahy lakay, sou banye pou pote gras.

Nou pa ta  ka kontan pou kantyte aysyen ki mouri nan kolera.

Nou pap jan’m blye tou ti moun nou yo vyole,

tout krym yo poze,tout kabrit nou yo vole.

Nou pap neglije mansyone tout dominiken

d’origyn ayisyen yo brile,

yo touye yo depote .Tout sa pou ede’n avanse

pandan ke nap pataje tout entere peyi d’ayiti

,menm le kondisyon nou pa jan’m enpoze ou respekte.

Nan lespri pou nou pote lymye bay pep ayisyen-an,

nan okazyon 210 lane endepandans nasyon-an.

Avan nou kontinye nap mande tout pitit peyi d’ayiti

pou yo mete yon mayo blan e lymen yon baleyn

pou nou la prye ansanm pou 

tout lespry ak nan’m tout piti peyi-a ki mouri san rezon,

 sila-yo ,Ki victim senpleman paske yo se ayisyen.

Nap lymen baleyn-nan pou nou pote lymye ak

tout pitit peyi-a ki rete vivan malgre tout mechanste yo suby.

Nap leve tet nou byen ho , pou nou salye tout ayisyen,

nan no kon nan sid,kote soley leve jiskote li kouche.

Pitit andedan kon pitit deyo.

Jody-a se pou nou tout,ni sa ki kon’n li, ni sa ki pa konn li

Sa ki gen profesyon ,ni sa ki pa gen anyen menm

Sa ki rich, sa ki pov, ayisyen tout koule,

Ayisyen capital, andeyo ak provens.

Nou pwofite de jounen sa-a, pou nou adrese’n

ak tout manb nan twa pouvwa ka dirije peyi-a,

Senate ak Depite,ak tout lyde politik,

sosyal ak relijye,dirijan manb tout oganizasyon.

Nan okazyon jody-a 210 lane endepandans- nou kom pep.

Eske dapre tablo sa-a nou ta dwe fete ?

 

SUITE