MISSION

ABOUT US

CONTACT US

NEWLINK

Dessalines@gonayv.com

francoisj20@bellsouth.net

PHONE 786-326-7607

Un Mesage important de la fondation SHARE qui est la

Societe Haitienne Artistique Rehabilitation Enfantine

Une organisation sociale et culturelle ayant pour objectif

de former nos jeunes civiquement

et Investir dans la societe Haitienne

a travers nos richesses culturelles.

12 JANVYE 2012

 Jody-a  se douze  Janvye,

Depi’m maten map eseye panse.

Yon fason pou’m  ka  prezante

Santiman , doule ak tout lot lyde,

Ke mwen ta  dwe pataje

AK tout lot pitit bondye

Douze Janvye pat pote ale.

E ak fanmy  sa yo douz Janvye

Pou kont li  te touye.

Kem  mwen toujou ap dechire

E lespri’m toujou bloke.

Jiska prezan mwen pa jwen oken mo.

Menm jan sesysman te fem mande dlo.

Kem’ap dechire, E menm jody-a  anko

Mwen pa ka  imagine tout sa kite pase

Yon jou kon jody-a, ki se te yon douz janvye,

Ki te fe nou tout pitit Ayiti te rele.

Anpil san te koule, Anpil moun te mouri

Anpil kay te kraze, anpil lot tap kouri

Anpil pye te kase, anpil lot tap soufri

Douz janvye te rive, E se Ayiti li te chwazi.

E si pat gen Bonye,  pou sa  nou  te pase

E men apre douze janvye , nou pat ka rezyste.

Douze Janvye, se te yon leson pou l’imanyte

Se te yon fason pou nou tout te chanje.

Pi gwo reyalite la tê te rankontre

Douze Janvye se te pou’l iny tout pitit bondye

Menm le te genyen anpil san ki tap koule.

Mesaj pam pou douze janvye

Se pou nou tout sispan krye

Se Konsa li te dwe pase

E si bondye pat vle,

Nou you’n pa tap rete.

Donk fok nou demare

Apre douz Janvye,tout bon vre

Vle pa vle,se le pou Ayiti Chanje

An nou prye Bondye

Pou douz janvye pa janm repete.

Lot mesaj mwen ta renmen  pase

Se pou nou  tout apran plante

Yon Pye Bwa nan non moun ke te ale

Le douze Janvye,premye fwa te rive.

E na va sezi we koman ayiti ap vin ye

Nan tout lot douze janvye ,chak ane.

Dat sa-a ki se douz Janvye

Ayisyen tout kote , nou pa janm dwe blye

Se le pou nou rele Bondye

Kel ke swa kote nou ye.

 

Francois Joachim Dessalines

Janvier 2012

EARTHQUAKE

PHILOSOPHIE DE SHARE

LES PHASES DE PREPARATION

PROGRAME D' EDUCATION SOCIALE

PLANIFICATION DE SHARE

membres

officiels de SHARE

 

PEOPLE Organizations Photos PLACES
NEWS TEXTS SPONSORS RELIGION

 

PATRICIA

Francois Joachim (Dessalines)

Directeur (www.gonayv.com)

Produceur(Cyclone Jeanne 2004-

Gonaives etat d’urgence 2006,

Gonaives the doom’s city2007-

Gonaives en Peril 2008

Le cote social de la ville des Gonaives2010-

Gonaives la ville d’espoir 2011

Fondateur de (SHARE) Societe Haitienne Artistique Rehabilitation Enfantine.