MISSION

ABOUT US

CONTACT US

NEWLINK

 

Dessalines@gonayv.com

francoisj20@bellsouth.net

PHONE 786-326-7607

 

 

 

 

 

KOUMAN PREPARE YON PWOGRAM

POU VIL GONAYIV

Nou ekri pwogram-a, paske nou kwê  ke devlopman pa mache san pwogram ,e san plan . statisk vil la pwouve nou ke 90% moun nan popilasyion-an ta renmen we  vil-la change. E malgre tout volonte, li toujou Paret difisil pou reyalize yon bon chanjman.

.Se paske nou pa jan’m genyen  reyelman yon plan,oubyen yon pwogram devlopman pou sosyete-a.Prezante yon plan de devlopman se premye pa enpotan ke nou dwe  fe pou komanse  yon travay pozitif nan nenpot zon.Plan dwe prepare an fonksyion bezwen  zon-nan e avek objectif  pou amelyore eta ak  kondisyion la vi chak moun kak evolye nan sosyete – sa .Se nan objectif-sa-a nou pwal prepare yon plan pou moun  nan Gonayiv  .

Pou vini ak plan sa-a  nou fe recheche  sou kek pwoblem , komplent ansanm ak bezwen polipasyion –an . E menm  ou menm tou te  dwe patisype nan recheche yo. Si  pa egzamp mwen mande ou  ki sa daprê ou menm ou konsydere kom  pi gwo bezwen Vil Gonayiv- Jodi-ya.

Ampil moun  ap di se :  Gwangou - Fê nwa-  Sante-  moun sou –moun- fatras- Gonayiv chaje ak trou- e pi etat vil’la ect Sa vle di  nou pa kapab prepare yon plan pou vil Gonayiv .ki pa ofri nou yon solusyion  pou chak pwoblem’sa yo.

 Avan menm ke nou rantre nan preparasyion plan-an nou dwe tout swit komanse  enfome ak motive popilasyion an pou li patisipe ansan ak otorite yo nan ede nou mete pwojet yo an aplikasyion. E sa ki pi enpotan se fe chak  moun  kompwan enpotans chanjman  pou sosyete- ya menm le chanjman-kapab afecte mou-nan.

Tropicacna di «  tout sa kip a bon pou you.n- li bon pou yon lot » Sa vle di nan lojik pa nou :Menm le ou we tout moun ap plenyen pou tout pwoblem sa yo ke nou idantifye pou vil Gonayiv, fok nou pa janm inyore ke gen ampil  moun tou ,se pandan vil la nan eta sa ke yo menm yo fe fôtune pa yo.

 E Lap trê difisyl  ke moun sa yo aksepte nou paret ak pwogram chanjman kab bon pou vil la. A  koz de enteret pesonel yo. Pa gen anyen mal nan santiman  sa-yo non.  Nou menm dwe ofri yo yon lot altenatif.

“Tankou pa egzanp, moun kap lave machine ak moto nan  mitan vil Gonayiv. Si nou vle retire-yo Fok nou gen yon kote pou nou mete- yo. Paske yo menm tou fok yo ka viv.                                                                   ‘

Nan entroduksyion rechêch ak preparasyion plan pou vil Gonayiv. Nou  mansyione de pwoblem enpotan ke nou dwe rezoud avan menm ke nou travail sou nenpot pwojet  devlopman pou yon zon

 a) enfome popilasyon an  pou li kompwan enpotans bezwen  chanjeman-an

e bezwen pou li patisype tou nan chanjeman ke nap ofri’ la

b) Diminye  enpak ak  pwoblem ke chanjman-an  ka  fe sou lot moun ki pa bezwen chanjman-an pou yo viv .Ofri yo lot altenatif jan nou di-ou la

  c) E li enpotan tou, pou nou menm ki vle reyalize chanjman-an  kompwan  tout sa nou vle fe –yo , li mande tou pou nou trê modere, se pou nou apwan tande lot moun-  ki gen lot ide- tou.

E fok nou pa janm kwe ke li fasyl  pou nou reyalize yon pwojet. Fok nou kapab mezyre projet nou –yo- sa vle di limite rezyltat yo pou  tan  koutt ak pou lontan .Fok nou aksepte fe lot chanjman si plan pa fonksyone jan nou te prewa' l -la.

 Se tout mezi sa yo nou pa janm rive mete an aplikasyion ki fê li toujou trê difisyl  pou nou reyalize yon pwojet ou yon pwogram devlopman pou yon zon.  Nou fe remarks sa yo avan menm ke nou prezante-ou program vil –la .Se paske nou pa ekri pwogram nan senpleman pou ekri yon pwogram. Nou ekril pou nou egzekite-li tou.

Se sak fe nap montre- ou tout kote ke yon lot moun echwe pou nou menm-tou nou pa echwe. Nou rete kwe ki si nou tout respecte ak suiv pa sa-yo ke nou pwal montre-ou la. Nou tout kapab we chanjman nan Gonayiv avan menm ke nou mouri. Te met se nan 10 -15 – 20 an anko.

Donk nap fe Motivasyon manch long pou reyalizasyion pwojet –sa yo. 

Koman Rezoud

Pwoblem grangou Nan Gonayiv 

Fok nou di ou ke sa-a se yon kriz entenasyonal ke mond lan ap traverse e si nou pa enfome popilasyion an.  Moun nan Gonayiv kapab kompwan ke se yo menm sel  kab viv nan sitiasyion deplorab sa-a. E pep la ka pab vini tre violan paske la vin panse ke se neglije yo neglije-li Se sa ki  banou resulta vyolans nan potoprins denyeman. Letat ,komesan ak machan gen role enpotan pou yo jwe nan kriz’sa-a.

Mwen pa etone ditou si jodi-a  nap viv nan fason ke nap viv la, se paske  depi lontan nou pajan’m aksepte vini ak yon pwogram devlopman pou zon-nan. Chak moun panse ke li ka viv poukont-li .Chack moun chak jou fe yonsel piwett. Jwenn kob Pou’li manje e Zafe lot moun-yo. Nou pa kwe nan tet ansanm ak oganizasyion. Nou viv nan yon fason pesonel ak nou menm. Nou pa panse ak bezwen yon ansanm nan sosyete-ya . E nou viv selman pou jodi-ya san panse ak demen.

Si nou rekonet ke remarks sa-yo vre,nou dwe apwan a chanje  fason nou ak panse –nou pou nou ka pab aksepte fe chanjman nou vle-a. Chanjman kap bon pou tout moun nan sosyete-ya men nan 10- 15- 20 ans anko.

 An nou ansanm defini Kisa GWANGOU ye e pi nap cheche kompwan dabô pou ki sa e koman nou fe gwangou. E pi nou pwal wê koman nap pwal travay ansanm

Ak yon plan pou nou pa gwangou men jan-an anko.

 Definition  devlopman2

PEOPLE ORGANISATION Photos

 PLACES

  Nouvelles . My View Sponsors