MISSION

ABOUT US

CONTACT US

NEWLINK

 

Dessalines@gonayv.com

francoisj20@bellsouth.net

PHONE 786-326-7607

 

 

 

 

 

 

 

 Definition

Gwangou : pa gen  manje nan kay-la pou –ou,- Pou pitit ou-

Pou fanmy-ou- Pou vwazen ou e menm Pou tout lot moun ki bô kote ou .

 

E ki sak koz sa,

1- Papa ak manman pap travay.

2- Leta pa ofri pies pwogram pou ede ou ..

3 Amplwaye ap vole leta.

4-Movejesyion nan leta

5-Komesan manke pwodwi.

 6-E lot moun ki gen kob pa bati pies  factory nan vil-la paske yo pê mouri a koz jalouzy malfecfê.

7-Pi gwo pwoblem ki koz gwangou nan vil- la se kantite kob vil la pwodui nan la douane ak APN. Toutt ale nan potoprins, leta pa envisti nan vil Gonayiv se pran yo vin pran

8- Se konsekans tout move evenman politik ak natirel ki pase nan peyi.-a tou.

 Nou pwal ansan travay  pou nou jwen yon solusyion ak  tout pwoblem sa yo pou  amelyore sitiasyion vil la  nan mwens de 10 ans.

 

Premye pa nan plan- an se amelyore gwangou pou ti moun- yo konyê-a

Pou si mwa.

 

 

Fason ki pi fasyl se

1-mete yon pwogram manje nan toutt lekol- yo

2-mete yon pwogram manje nan kekt katye-tou

3- repa- yo ap distribye menm le chak jou.  Sa ap pemet ke ni ti mou ki al lekol ni sa ki pa ale , yap jwenn yon plat manje chak jou.

 

Li bel se vre men koman  nou kapab realize plan sa-a ,se sa ki pi enpotan

 

Analyse

1- ki kantite ti mounn nou vle bay manje

2-Ki sa nou vle bayo pou manje

3-Ki kote nap jwenn manje pou nou bay toutt ti mounn sa-yo

4- E koman nap bayo manje- ya

 Definisyon

 kantite ti mounn

 Nou ta renmen ede toutt ti bebe ki fet nan Gonayiv pou premye si mwa nesans yo NAN YON

PWOGRAM   SWEN TI MOUN.

Nou ta renmen ede pou si mwa ti moun de 1 an a 4 ans  ki po ko ale lekol

Nou ta renmen ede  pou si mwa ti mounn ki nan klas primê-yo

Pati sa-a te ede nou defini selman ki kantite ti mounn ke nou ta vle ede

Pou ti mounn ki fek fet nou jwen 1000 bebe pa jou  pou si mwa

     Ti mounn 1 an a 4 katran       5000 anfan pa jou pou si mwa

    Ti mounn 5 an a 12 ans         20,000 anfan pa jou pou si mwa

 

Ou wê ti kantite sa-a selman nap pale ya gentan montre nou ke se pa yon ti travay ke mwen menm sel kapab realize, ou byen yon sel oganisasyion ka pab fel ou byen yon sel pati politik ka pab realize

 Se travay ak tet ansanm nou tout pou ki pemet nou realize’l. SE pousa nou voye envitasyon bay ou menm , bay toutt oganizasyion kap ede, bay toutt ofis leta-yo

Bay tout manman ak papa ti moun yo

Se pou nou fe yon preparasyion ak contizasyion manch long pou nou gen sifizamman de fon pou execute pwojet-ya.  

 Nap kampe-la paske nou mande koman nap jwenn lajan pou exekite plan-

1

Nap mete soi pye yon oganizasyion responsab pou li ramase lajan

2

Nap mande tout misitê leta yo pu yo patisipe

3

Pou politisyen nou yo envesti nan pwojet nou yo si yo bezwen nou vote pou yo

4

Nap mande tout paran yo pou yo bay sa yo kapab kom donasyion

5

Nap mande tout ofis ki reprezante leta nan vil- la  pou yo bay oganizasyion –an  yon ti donasyion tou

6

Nap ofri yon sevis de promosyion ak komesan- yo pou yo patisype ak nou

7

Nap mande atis nou yo pou yo ede nou nan kek pwojet sosyal pou ramase fon

8

Nap oganize tout aktivite sosial ak kiltirel pou ede oganizasyion-an

9

Nap pibliye nimewo akont nou pou nenpot moun ou oganizasyion ki vle ede nou ka pab depoze fon pou nou.

 

Nan pati sa-a se deside koman nou pwal ede chak category ti moun yo pou si mwa.

Pou ti bebe yo

Se pou manman ou papa timoun-nan enskry kom manb oubyen volonte nan youn nan oganizasyion vil-la et kom rekompans nap bayo yon koupon mange pou ti bebe-yo . Nap deside ki sa pou nou mete sou koupon-yo suivan demand ak bezwen moun-yo.

Oganizasyion nou yo ap peye chack mwa ou chack kenze jou tout magazen ki nan pwogram –nan

 Pou ti moun 1an ak 4 an

 Nap ede-yo a trave konsiltasyion ak clinik docte-yo kap deside plan alimantasyion ti moun-sa yo. Nou panse le lite empotan avan mem ke nou rantre  nan devlopman solisyion gwangou pou gwan moun yo, ke nou  te amelyore gwangou ti moun-yo dabo.

 Pou elev nan klas primê-yo

 Nap mete yon pwogram manje nan lekol ki akcepte-yo. Selman yap banou opotinite pou nou ofri  ak timoun say o yon pwogram enstriksyion sivyk  ak role sosyal pa yo  nan sosyete-ya.

Menu –yo ap varye depan de fon ki disponib pou si mwa

Men ki sa nap benefisye nan pwogwam sa

1)       prê de mil manb kap travay pou nou kom volonte

2)       nap fe edikasyion syvik de 20,000 ti moun

3)       Nap travay ak dokte ak klicik-nou yo

4)       Nap ede komesan-nou yo

Yon fwa nou rive-la , nou amelyore san ke nou par an kont,gwangou kek gwanmoun- tou. Nou garanti ke ti moun-yo ap manje chak jou pou si mwa. Manman ak papa ti moun- sa yo gen mwens piwett pou yo fe

 Leta gen rol pa’l tou pou li jwe nan zafê Gwangou sosyete-ya

Tout tan ke nap anplwaye moun ki pa gen kompetans pou fê travay leta –yo.,

Tout tan nou pa amplwaye moun  ki konen ke  yo pa dwe bay popilasyion-an sevis

Tout tan ke chef leta –yo pa sispan mete moun nan djob leta-yo Selman pou garanti entere pesonel pa yo.

Tout tan nou pa pwan konsyans de peyi-ya, de eta nou kom sosyete

Tout tan ke represantan leta na vil-la  pa vle pran responsablite-yo’ pou yo travay sou yon pwogram devlopman pou vil-la

Tout tan nou pa enfome e refome tet –nou, nap toujou nan gwangou.

 

DONK AN NOU

METE DISIPLYN

AK SIPEVIZYION

NAN OFIS LETA-YO

devlopman3

PEOPLE ORGANISATION Photos

 PLACES

  Nouvelles . My View Sponsors