MISSION

ABOUT US

CONTACT US

NEWLINK

 

Dessalines@gonayv.com

francoisj20@bellsouth.net

PHONE 786-326-7607

 

 

 

 

 

 

NAN OFIS LETA-YO

Nap refome kek prensip nan desizyion administrasyion-yo, yo pa mache ak realite moun kap viv  nan sosyete-ya jodi-ya. Si la komin, la dawn ak APN, La Polis ak Kontribisyion  ki se sous lajan leta nan vil-la ,si yo pa reorganize fason yo fonksyone ou fason yo taxe polilasyion, yo menm tou ap Mennen  nou nan rout gwangou-a.

Nou espere ke tout enstitisyion sa-yo ta chita ansanm nan kek ‘’ reyinyion de vil ‘’pou yo fe koudey sou pwoblem sa yo .

Nou te site pou ou déjà wit gwo rezon ki koz gwangou nan vil-la , nap selman ba-ou kek lot anko ki pwal ede nou prepare pwogwam-sa-

1-An nou gage ansanm rapo ofis leta –yo ki kantite kob yo fe, ki sa leta fê ak kob sa-yo,Ki  envestysman leta fê nan vil  Gonayiv.

2- nap gade tou responsablyte sosyete sivil- la , ki sa yo ofri sosyete-ya. Eske yo vrêman mete travay nan peyi-ya. E pou ki sa  yo manke fe pwogre

3-nap evalue- tou kek bagay ke nou genyen nan gonayiv ke nou dwe itilize e nou pa arive fe sa

4- nap gade tou role fomasyion ak enstriksyion ke nou resevwa jwe tou nan zafe gwangou sosyete-ya. Sa vle di sitoyen nap prepare-yo pa reyelman ede peyi-ya nan anyen.

A pati de done sa-yo, nou pwal prepare yon plan de Amelyorasyion pou grangou nan VIL Gonayiv.

Avan ke nou rantre nan detay-yo  nap fe ou remake              

 

1)Nou pa gen anyen pesonel ak leta ou moun kap travay pou leta.. Nou sel man konsene de pwoblem sosyete-ya.

2-Si ou menm leta-a, amplwaye leta ,ak sivyl-yo, si nou pa mete men ansanm pou nou pwan angajman pou nou chanje sitiasyion ekonomik ak sitiasyion sosyal  nou, nou pap janm jwen chanjman ke nap cheche-ya

Nou tout gen responsablite pou nou patisype.

 

Konyê-ya nap chwazi kek ofis leta nan Gonayiv ki gen pouvwa ekonomik vil-la nan men yo. E si nou rive ansanm a reoganize enstitisyion sa –yo, nap fe yon gwo chanjman  nan zafe Gwangou sosyote-ya. E leta –a ap fe yon pi bon travay.

 Nou gen  La Dwan ak APN, Lakomin ak Kontribisyion- La Polis  ect…

 

Dwan ak APN

Si nou ta defini dé enstitisyion sa-yo jodi-ya,  nou ta di ou ke se yon group moun  ke  leta-a ou yon chef ki nan leta-a  mete nan post sa- pou’l travay pou entere pa yo selman. Yo bay moun sa-yo tout pouvwa pou  yo fe sa yo vle ak popilasyion-an tout tan ke yap bay  chef yo nan potoprins yon bon rapô. Yo souse tout ti machan san yo pa ran kont, yo kraze tout biznis nan peyi-ya. Yo dekouraje tout moun ak etranje vin envesti nan peyi-a. Mezanmi tout moun sa yo se komplis nan zafe gwangou popilasyion-an.

 Nan pwogran sa-a nou ta dwe gade Zafe Pô nan Gonayiv, Sevis ke yap ofri yo pemet ke jodi-ya  nou gen selman  3 bato  kif e tranzaksyion nan Gonayiv ( Bato siman,vyan yon bato Miami )

Eske yon vil kon Gonayiv kapab repoze’l sou selman 3 bato e malgre sa Vil –la pa janm benefisye anyen nan tranzaksyion sa –yo. Tout kob sa-yo rantre Potoprins E sa ki pi drole la menm kek nan anplwaye leta-sayo kon pa ka touche tou. Mezanmi, nou gen entere fe chanjman na enstisisyion sa-yo. Chanjman nap pale-ya pa vle di revokasyion , Se pito bay enstitisyion sa yo yon lot  objektif,

Bay anplwaye sa yo plis fomasyion ak konpetans Se amelyiore jessyion ak fonklsyonman enstitisyion –yo. ‘Se pito ofri yon meye sevis ak tout moun  ki se clyan enstitisyion-an. Se mete disiplin ak bon kontrol nan zafe lajan leta-a.

 Malgre rate batiman  nan Gonayiv, la dwan se enstitisyion ki bay leta ayisyen plis kob, men se ofis ki pi an dezod nan zafe biznis,  yo pa gen yon mach a suiv, chak moun fe zafe –yo jan yo vle, Pa gen pies moun ki konen sou ki sa leta baze poul taxe yon machandiz, Machan yo pa janm konen reyelman konbyen kob yo dwe peye pou tel atik. Pou zafe pote Machin menm se pa pale, yo arive chaje-ou plis kob pou la dwan, ke sa machin koute-ou. Nou konen ke la dwan ta dwe travay ak dep komes ki li menm tou dwe jwe yon role enpotan nan zafe taxasyion machandiz.

 Men sa nou ta dwe fe pou amelyore pwoblem sa yo.

 

1-Leta dwe envesti ou prete vil Gonayiv kob pou yo ranje warf –la.Gonayiv gen pou devwa remet kob sa-a ak entere  depan de kontra ke yo aksepte.

2-Vil Gonayiv ap reponsab de tout tranzaksyion kob ki fet sou warf-la, Yap selman bay Potoprins rapo ak pwev de ki sa nou fê ak kob  leta-a pandan ke nap peye det-nou chak mwa.

3- Nap fome yon komisyion de rapo ak gesyion pou ki travay ak anplwaye- leta-yo, lap bayo tou  fomasyion ak preparasyion.

4-Nap repare e modenize ofis dwan-nan,nap redefini rol  yon direkte, yon moun ki tadwe plis yon negosyate,yon moun kap chache zafe pou vil-la, fe plis batiman rantre nan vil,la, yon demachê..Direkte-ya ta dwe tou yon moun ki ka pab pwan bon desizyion pou entere la dwan ak vil Gonayiv..

5Nap prepare yon pwogwam taxasyion suivan realite jodi-ya, pou fasilite tout moun  kap fe komes. Nap rekalkule taxasyion machin-yo, suivan  ane- pri key o achte’l  e kondisyion’. Nap ofri plis fasilite ak endistri komes-la pou tout moun ka gen yon ale mye.. Nap travay avek plis transparans.

Paske nap enfome poplilasyion –an  a trave pwogram radio-nou.

6-Pou ran tranzaksyion-yo pi fasil, nap travay ak kek ofis prive , ki yo menm tou ap gen privilej  pou ofri menm sevis ak la dawn.

7-potoprins ap gen rapo chak mwa

Total kob ki rantre nan enstitisyion-an

Total kob kip eye anplwaye

Total kob ki depanse pou enstitisyion-an

Total kob kip eye det enstitisyion-an

Total kob leta jwen

Total kob vil –la benefisye

 

LA POLIS

devlopman4

PEOPLE ORGANISATION Photos

 PLACES

  Nouvelles . My View Sponsors