Kanaval Gonayiv-la ,vle pa vle deja yon sikse pou nou tout moun gonayiv. Le nou konsidere eta Gonayiv te ye an 2004 ak eta li ye jody-a. Nap kontinye ankouraje tout pitit vil-la, ni sa ki chef,ni sa kap travay poukont yo ou ak lot oganyzasyon, sitwayen ki vle chanjman. Pou nou kontinye travay ansan’m jiskas ke nou chanje imaj vil sa-a ki reprezante pou tout Ayisyen” Vil Endepandans Peyi-a “. Se vre, nou te ka fe plys, se vre Gonayiv genyen tout pwoblem yo. Se vre nou tout ta renmen we vil la pi bel. Sa ki pi enpotan-an Se le ou kontinye montre entere ke ou menm pesonelman genyen pou la kay  ou,

 “ Gonayiv “pi bel.

Malgre tout diferans ki genyen nan mitan nou, map kontinye ankouraje nou tout, pou’n travay pou benefis Gonayiv. Menm le entere pesonel nou kapab diferan. Se nomal pa gen anyen grav nan sa-a!

Nou felisyte tout moun nan yon fason ou yon lot, ki travay pou ran’n Gonayiv jan li ye jody-a. E nap pwofite tou pou’n di nou tout Ke “Pot Chanjman vil-la Rete Tout Tan louvry pou  nou “,men apre KANAVAL

Ann Kontynye travay motivasyon an, Ann kontinye revandike dwa ke nou genyen pandan ke nap pwoteje tou ,tout entere ak byen pesonel ou pou leta ki  deja  byen plase nan vil-la.

ANN SISPAN’N KRAZE POU’N PI BYEN AVANSE ! VEYE YO ! VEYE YO !

 

Francois Joachim

Community Organizer

 

Men sal kite

Decorations Carnavalesques

HOTEL

PHOTO