L

 

MISSION

ABOUT US

CONTACT US

NEWLINK

Dessalines@gonayv.com

francoisj20@bellsouth.net

PHONE 786-326-7607

 

 

 

12 JANVYE 2012

 

 

Un Mesage

important de la fondation

SHARE

qui est la

Societe

Haitienne Artistique Rehabilitation Enfantine

Une organisation sociale et culturelle ayant pour objectif

de former nos jeunes civiquement

et Investir dans la

societe Haitienne

a travers nos richesses culturelles.

 

PREMYE JANVYE 2014

 

Nan yon fason peson pata jan’m vle kwè l , Fet sa-a ta pi fò menm pase tonton Nwèl

Premye Janvye sa-a, ta dwe telman bèl , Menm moun tout lòt kote ta dwe vini wè l

210 lane Endepandans nou, fòk nou fè l ,,Premye janvye de mil katòz

Ayisyen tout kote, pa dwe jwenn ni yon kòz, Ni yon rezon,pouki fè ke nou pa ta ka la.

Nou ta dwe depi kounye -a , Nou ta renmen reyalize, lakay, pi gwo festival

Nan Gonayiv, pi gwo zèv sosyal, Pou leve yon fon menm pou yon lopital



Nou mande atis Aysyen tout kote, Kèlkeswa mizik ke yo chante

Pou yo ede’n oganize ak planifye , Gwo jounen sa-a ki make tout bon vre

De san dis lane mechanste , Ayiti peyi n te pase

Pou Selman libete ke nou te mande.


Nou dwe nan Gonayiv pou premye fwa, Ini entelijans ak kompetans

Chak grenn ayisyen ki gen bon sans, Pou nou di yo ak fos e san rans

Nap fete 210 lane Endepandans, Premye Janvye de mil katòz,

Ayisyen kèlkeswa kote nou ye, Dwe selebre jounen sa-a ki make libète

Nou pa dwe al travay pyès kote, Nan jounen dat sa-a ke nou tout dwe fete

Endepandans pa nou kite toujou bòykote

Premye janvye de mil katòz, Nan vil Gonayiv se tèt chaje

Ti moun kon gran moun tout kote, Yon Balèn pou limyè

Yon mayo blan pou la pè, Se pou nou vini rakonte

Listwa yon lòt fwa, jan n te pase


Anba pye Papa Dessalin , Devan legliz katedral ki pi "clean"

Nou pral ansam la priyè Pou mande Bondye limyè

Nan mitan tout chimen Nap trase kòm premye pèp revòlte

Premye Janvye de mil katòz Nan vil Gonayiv, se pou n trase

Yon lòt egzanp pou limanite Pou tout moun ka aprann respekte

Tout prensip Bondye mete Libete egalite fratènite

Ki se banyè diyite ak fyète Premye pep nwa soulaje.


Premye janvye de mil katòz Nan Gonayiv, fok nou asiste

Pi gwo la priyè ak men leve Pou nou ka ede Ayiti Avanse


Dat premye janvye sa-a, fòk nou pa blye l , Nan Gonayiv, fòk nou selebre l

Ayisyen tout kote, nou dwe sonje l , Depi jodi ya menm, nou dwe planifye l
 

Francois Joachim Dessalines

Janvier 2012

CORRECTION FAITE PAR Mr Jonas Laurince  01-20-2012

Francois Joachim (Dessalines)

Directeur (www.gonayv.com)

Produceur(Cyclone Jeanne 2004- Gonaives etat d’urgence 2006, Gonaives

the doom’s city 2007- Gonaives en Peril 2008

-Le cote social de la ville des Gonaives2010- Gonaives la ville d’espoir 2011

Fondateur de (SHARE) Societe Haitienne Artistique Rehabilitation Enfantine.

PHILOSOPHIE DE SHARE

 

LES PHASES DE PREPARATION

PROGRAME D' EDUCATION SOCIALE

PLANIFICATION DE SHARE

membres

officiels de SHARE

PEOPLE Organizations Photos PLACES
NEWS TEXTS SPONSORS RELIGION