Leta an Ayiti, yon move konsepsyon.
Genyen yon move konsep ak yon mantalite negatif ki grandi lakay chak gren ayisyen jodi-a.”Se yon djob oubyen yon fonksyon nan leta-a sel, ki ka fe yon moun gen lajan.”. Se paske tou, klass moyen’n ak boujwazy pa depanse anpil kob nan peyi –ya. Yo prefere pito , a koz de pwoblen ensekirite ak politik depose lajan-yo nan lot bank nan peyi etranje. Se pa san rez...on wap we pa telman genyen anko Izyn kap fonksyone nan peyi ya .
Tankou mwen ka di nou jodi-ya nan vil Gonayiv nou pa genyen pyes Izyn kap travay ou kap ba moun travay. Nou ka jwen kek moun poukont yo ki deside jodi-a pran chans yo. Men ,yo pa gen proteksyon pyes kote. Malgre tou, Jefo pa yo selman, pap sifi pou repon’n ak kantite bezwen sosyete –a.
A koz de ratman sa- yo, leta an ayiti vini reprezante sel enstitisyon ki la pito pou bay moun pa yo travay.Se sa ki fe ou toujou bezwen yon paren, pou rantre nan adminystrasyon leta yo. Ou byen ou negosye pou’w ka peye yon patron pou’l ba-ou yon pozisyon pou’w kenbe pou li.(Swivan sa kek lot moun di ) Aplikasyon travay an Ayiti pa egzyste paske yo pa jan’m ba moun Djob swivan kompetans-li.
Donk si ou gen chans, pou’w rantre nan leta oubyen kenbe yon pozisyon pou yon patron, sel bagay ki nan tet ou. Se pwofite byen vit pou ou gen tan fe kantite kob paw ou la. Sa fe nou pa jan’ gentan pou panse ak bay lot moun sevis. Menm le nou ta sipoze . Nou aksepte nenpot pozisyon menm le nou pa kalifye.. Leta an Ayiti vin tounen yon enstitusyon ki la pou’l fe tout anplwaye’l vini rich. Se konsep sa-a jodya- a ki fe , anpil moun ki se anploye leta ou ki jwe yon role nan leta, ran enstitisyon-an pi koronpi, menm le yo pa ran kont sa-a.
Yo pa aprann panse peyi ,ni ede yon sosyete. Yo- la senpleman pou fasilite moun ki nan menm ekip ou nan nenpot ekip , yon fwa yo gen yen yon chek leta nan men yo..
“Gen lajan”, se sel enstriman ki motive preske tout moun ki nan leta, menm le yo rive pedi vale moral yo. Sa ki pi mal, menm moun ki nan leta-a ,ap pale enstitisyon mal.San yo pa ran kont ke leta se yo menm,se yon frem ,se yon sem ak yon kouzen’m. Leta- a se pitit vwazen- an, Se zanmi piti-ou a ,se manman ou ak papa’w .
Menm jan mwen te ka di:” nou chak genyen yon gren Zanno kay ofev”. Sa vle di Leta-a se nou menm. Yon fwa ke nou komprann-sa ,E nou chwazi chanje konsepsyon-nou, pandan nap defini ki sa nou vle, ki kote nou vle ale e ki moun nou ye.
Le nou aprann poze tet nou tout kesyon sa-yo. Enstitusyon leta-a genyen poul chanje. Le sa-a lap vini reyelman yon enstitisyon ki la pou’l sevy nasyon-an. E pitit- ou yon jou ap benefisye de li.
Kryz leta telman grav, e li la two lontan, tout moun profite de li. Se lajan ki kraze la jistys an Ayiti, Se avek lajan Selman palmante deside vote yon lwa.E si ou tafe nenpot dezod e pi la polis arete’w. Depi ou gen lajan wap lague kan menm. Mwen pral pi lwen pou’m di nou :
Si te Dyaspora ou ye, ou tombe nan dezod, leta an ayiti mete men sou ou, la jystis pa egzyste pou ou.Ou met te gen rezon wap pedi’l kan menm. Tout moun vle fe lajan sou dow- ou. Tout avoka vle mache deye ou. Kes pa’w-la pap jan’m fini.
Twop tan pase depi nou pa jan’m reflechi, jody-a nou tout ap plenyen ke leta pa bay sevis.Men nou menm tou grandi nan menm konsepsyon –an . Tout moun ap vole e nap profite vole tou. Men nou pa jan’m ran kont ke nou tout fe pati de problem yo . Tankou pran priz, peye yon jij anba tab, pou nou achete rezon, pran fo papye pou vole te habitan , nou refize respekte la lwa. Nou pa jan’m dako respekte prensyp ki bon depi ke yap afekte nou.
Pou nou ka byen reflechi, e nan yon sans ki pozitif, yo toujou di : Ke se Tet ki Mennen Bouda, sa vle di: Si tet la pa bon deye –ya pap jan’m bon. Mwen pran responsabilyte pou’m di nou: se pa nan tout ka E nou AYISYEN ka fe eksepsyon. Tet la an Ayiti (leta-a) reprezante yon ti posyon. E bouda- toujou pi laj(Pep-la). Depi nou eseye chanje bouda nap chanje tet –la, menm le li pa ta vle. Se nou pou pran konsyans de eta –nou.
Se nou pou ki aprann reflechi san emosyon.
An nou pran konsyans tout bon vre e san pasyon
pou nou pa kite grandi lakay- nou pyes move konsepsyon.
Se le sa-a, nap ede leta’a chanje e fonksyone.
Francois Joachim (Dessalines)
Directeur (www.gonayv.com)
Produceur(Cyclone Jeanne 2004- Gonaives etat d’urgence 2006, Gonaives the doom’s city 2007- Gonaives en Peril 2008 -Le cote social de la ville des Gonaives2010- Gonaives la ville d’espoir 2011
Fondateur de (SHARE) Societe Haitienne Artistique Rehabilitation Enfantine.
PHILOSOPHIE DE SHARE
LES PHASES DE PREPARATION
PROGRAME D' EDUCATION SOCIALE
PLANIFICATION DE SHARE
membres
officiels de SHARE