10ans 
                                GADE TET OU,  
                              
                             GADE TET OU ,Mwen Selman chwazi  pou'm diw : GADE TET OU 
                             GADE TET OU  Se you’n nan meye fason pou ede’w   we kle  
                             GADE TET OU  pou’w  we pi byen  kote ou kanpe e kote’w ou prale.  
                             Li enpotan zanmi'm pou’w GADE TET OU chak jou e toutt tan  
                             SI OU GADE TET OU, Sap ede’w byen reflechi sou pwop tet-ou, 
                             Zanmi’w , Fanmi’w,  ou e sou tout lot moun ki  bow kote'w. 
                            Depi ou apran’n byen GADE TET OU ,wap we tout  sa lot moun paka we  
                            E , A chak fwa ou GADE TET OU,  poze kesyon ,Cheche repons 
                             Sou tout sa ou ta renmen  konprann,  wap fini pa PI byen konprann  
                            Tout sa anpil lot moun pa janm ka rive konprann . 
                            . 
                            Nou envite’w GADE TET Ou pi byen pouw ka gade tout sa wap fe. 
                             Jiskas ke ou we pi byen, pi kle  nan tout sa wap fe 
                             Li enpotan pou ou GADE TET ou, chak jou  
                            Pou'w ka aprann mezire konpetans ak entelijans ki nan tet- ou  
                            .GADE TET OU  ka fe'w jween tout solisyon nan pwoblem 
                            move situasyon kI koz ou menm ak tout lot yo  
                            ki refize GADE TET YO.. 
                              GADE TET OU  Pou'w ka fe yon ti chanjman Pozitf nan katye w.  
                             GADE TET ou  toutt tan, 
                            pou'w ka lybere tet ou de toutt malveyan  
                            ak tout move eleman  
                            Francois Joachim Dessalines 
                            Community Organizer 
                            07-10-2013 
                            MERCI  
                            POESIES DE MA VIE 
                            AUTOBIOGRAPHIE  |